Marvel Dandin :  »Se yon wont pou se etranje k ap sanksyone yon minis ayisyen »

0
1211

Se yon wont pou etranje ap sanksyone yon minis ayisyen

Mèkredi 21 desanm 2022 ((rezonodwes.com))— Analis politik Marvel Dandin nan yon rale li fè madi aprèmidi nan Di m Ma Di w, mete anpil aksan sou 2 ansyen minis Tet Kale, ke Dr. Ariel Henri te oblije mete sou kote paske chèf li yo nan peyi lòtbòdlo te mande fè’l sa.

Selon Dandin, ansyen minis lajistis Bertho Dorce ak Listz Quitel, ta sanble, daprè kèk temwen ki kwaze yo nan lari, toujou nan lwil anndan rejim PHTK-SDP-Fusion-MTV malgre Ariel Henry bay Emmelie Phophete kenbe sou non’l youn nan de plas ki pi enpòtan nan yon gouvènman pa bò isit.

Se yon gwo wont pou nou nan rejyon Karayib la kote se moun deyò kap sanksyone yon minis, se sa Marvel Dandin deklare pandan li ajoute “nou pa gen figi”. E san’l pa site non, men tout moun ka konprann ke se ak PM avi a l ap pale pou’l di “ou pa yon entelo kite valab, yo gentan gen yon ide de wou”.

Dandin te kontinye pou’l di ak monak Henry Nul ki tap bwè chanpay ak blan pou’l fè kwè li enpotan anpil pou yo nan eleksyon fo mamit li di l ap organize lane pwochèn si gentan, ke w “pa kredib” e pa met nan tèt ou y ap kenbe w “envers et contre tout”.

Ariel Henry ki gen non’l site nan asasinay Jovenel Moise chita tèt frèt lap tan blan voye miliitè pou li an janvye pou ka fè eleksyon-Dermalog, konsa rejim PHTK a ap toujou rete sou pouvwa. Mouche Henry pa gen pyès eksperyans nan fè bon jan eleksyon an Ayiti.

Nap raple ke sete gagòt nèt al kole an 2015 lè li menm ak Sweet Micky te bay peyi-a yon 49e lejislati kite yonn nan pi pouri ak kowonpi ke Ayiti pa janm genyen.

Pou fini, tou de minis ke Ariel Henry te kole anba fal li te gen non yo tranpe nan anpil move zafè ki gen rapo ak dwog e kidnapinn.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.