Komisè Richemond entèdi lavant zam jwèt ki sable ak zam tout bon nan vil Okay

0
1007

Mèkredi 21 desanm 2022 ((rezonodwes.com))– Nan yon nòt li pibliye semenn nan, Komisè gouvèmman nan Tribunal Sivil Okay la enfòme tout popilasyon an ke li entèdi ke yo pete peta, klorat, kabi, pandan moman fèt fen dane a nan vil la ak nan zanviwon vil la.

Chèf pakè a pale sitou ak paran timoun ki pako gen 18 lanne e li di yo  »lagè avèti pa touye kokobe ».

Komisè Ronald Richemond bay asirans ke tout endividi ke lapolis bare ap fè sa, ap tonbe anba sanksyon atik lalwa tankou 398, 398-8, 399, 399-5 kòd penal ayisyen.

Mèt Richemond tou pwofite mande komèsan, ti machann, magazen yo, pou ypo kanpe sou vann ZAM jwèt ki sanble tèt koupe ak (9 mm, 38, 390, gluck30, etc…) pandan peryòd fèt la.

Selon Mèt la, lapolis ap sezi e mete anba kòd tout endividi yo jwenn ak ZAM nou sot site la yo.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.