26 septembre 2025
Yon entèvansyon fizik pa nesesè
Actualités Kreyòl Société

Yon entèvansyon fizik pa nesesè

Lendi 19 desanm 2022 ((rezonodwes.com))–

Fòs miltinasyonal ki sipoze vin Ayiti a pa pral angaje l nan konba dirèk kont ankenn ki bandi. Se asistans, enfòmasyon ak fòmasyon yo pral bay PNH la pou yo menen konba. Se polisye yo ki pral responsab pou al chache, atake, arete ak tiye bandi yo si nesesè.

Avèk avanse k ap fèt nan teknoloji aktyèlman, yo te ka fè sa de lakay yo etan. Dayè, li pap fè anken sans diplomatik pou on lame vin ede lapolis paske se 2 misyon diferan ke yo genyen. Kidonk, fòs sa ap kite on lapolis militarize an Ayiti lè PNH la fin kontwòl bandi yo paske yo pral bay PNH la taktik militè olie de taktik polisyè. Se kòm si ou voye on tayè al apranm mete zip nan pantalon kay on mekanisyen. 

Jeneralman, on fòs militè etranje envayi oswa entèvni nan on lòt peyi lè yo vle al goumen kont gouvènman peyi sa oubyen on group bandi ki deklare tèt yo Eta. An ekzamp pou sa, nou ka pran Eta Islamik.

Lapolis ka met dlo nan divin bandi yo si l gen bon resous finansyè ak logistik tankou elikoptè pou l menen on batay relyèf (aérienne) ak bon machin blende pou l menen batay ibèn (combat de terrain). An tèm de zam ak blende, se pou lapolis fè on etid balistik (capacité de feu) bandi yo pou yo ka konen ki zam pou yo achte ak ki nivo blende pou yo genyen. Yo ta dwe koleklte kakas bal bandi tire sou yo yo pou yo ka jwenn bon done pou etid sa. 

Gen on nivo de blende ke ankenn lapolis pa dwe genyen akòz de nòm ak estanda entènasyonal. Etid sa ta dwe analyze mod operasyon bandi yo tankou ki kote oswa ki lè yo ak nan ki zòn yo pi aktif, kiyès ki tagèt prensipal yo, kijan yo ravitaye lè bal yo fini. Si etid la prouve ke on batay gang kont gang, estrateji li tap diferan paske fòk estraji de konba li a ajiste ak objektij ak rezon konba.

Donk, youn nan kesyon ke fòs etranjè dwe repon. Eske objektif final entèvansyon sa se pou met la pè oubyen mete sekirite? Se sèl PNH la ki ka bay répons sa. 

M panse ke tout fós etranje k ap vin an Ayiti dwe konen kouman pou yo kolabore ak PNH la. Fòk yo pa ateri ak ide ke yo an chaj. Dayè, yo dwe kon feblès PNH pou yo ka asiste mye pou yo transfòme feblès sa yo an fòs. Fok yo konen tou chalanj teren an pou yo ka transfòme chalanj sa yo an òpotinite. 

Entèvansyon fòs etranjè sa pap prodwi rezilta pozitif si depi odepa pa gen on antant ki fèt an yo ak PNH. M ret kwè ke PNH la okouran de fòs mem lè ak pèp la. Se on nyezri pou wap vin ak zam nan on peyi san fòs lòd nan peyi sa pa okouran. 

Lapolis ka gen laviktwa sou bandi yo ak kolaborasyon pèp la ki dwe fè brigad vijilans pou proteje kominote yo. M rekomande ke PNH la bay fòmasyon ak manb gang li arête yo pou yal reyentegre gang yo antan ke espyon, antèn oswa toutè. 

M pa kont entèvansyon. M kont on entèvansyon ki pa kalkile risk teren e ki souzestime kapasite PNH la pou jwe wòl prensipal nan restore lòd an Ayiti. M sèmante ke lè PNH la gen resous ak bon asistans li bezwen e lè pèp la patisipe nan lit la, nap sezi wè mèvèy ki yo pral reyalize. 

Dr. Bobb Rousseau 

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.