67 jounalis ak anplwaye media mouri nan egzèsis travay yo pou ane sa a

0
760

67 jounalis ak anplwaye media mouri pandan yo t ap travay ane sa a daprè federasyon entènasyonal jounalis yo.

Fason jounalis ak medya bay enfòmasyon montre aklè gwo ris ki genyen sou metye a. Nan yon nouvo rapò, federasyon entènasyonal jounalis jounalis monn nan pibliye semèn sa a, li fè konnen lagè nan peyi Ikrèn ak dezòd nan peyi Ayiti epi gwoup kriminèl yo nan peyi Meksik ta va kontribye e ogmante kantite jounalis ki pèdi lavi yo nan lane 2022 a.

Daprè Federasyon Entènasyonal Jounalis yo, gen pou piti 67 jounalis ak anplwaye medya ki mouri nan mond lan pou ane 2022 a. Chif sa se yon ogmantasyon 47 moun anplis konpare ak lane 2021 an.

Federasyon an kontinye pou l di, gen 375 jounalis ki fèmen nan prizon pou koulye a akoz travay yo nan kèk peyi tankou Lachin, Birmani ak La Tiki.

Yon lòt bò, federasyon entènasyonal jounalis yo pwofite avèti ansanm gouvènman yo pou yo pran plis mezi konkrè pou pwoteje jounalis yo ak libète laprès.

N ap raple federasyon an ki gen baz li nan vil (Bruxelles) nan peyi La Bèljik, fè konnen gen plis anplwaye medya ki te mouri tou pandan yo t ap fè repòtaj sou lagè a nan peyi Ikrèn ak Larisi pase tout lòt peyi pandan menm ane sa a.

Bidler Nelson
bidlernelson@gmail.com

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.