Lapolis Latiboonit demanti enfomasyon ki fè kwè gang Savyen asasinen yon chofè machin

0
1467

POLIS NASYONAL DAYITI  
DIREKSYON DEPATMANTALLATIBONIT

Lapolis nan Latibonit demanti enfòmasyon ki fè kwè gang savien ta fè fiziyad nan komin

Lyankou nan zòn Pon Wouj, jou mekredi 14 Desanm a 4è nan maten.

Efektivman, gen yon chofè kamyonèt ki mouri sou volan machin li apre endividi ak zam te tire sou li abou pòtan. Se yon gason ki gen 60 lane. Li resrvwa bal yo nan pwatrin.

Premye enfòmasyon ankèt yo revele ke se yon aksyon sible ki te vize sitwayen sila a. Lapolis Latibonit sou pis moun ki ta koze krim sa nan Lyankou.

Lapolis nan Latibonit ap mande tout popilasyon an pou toujou rete tann vèsyon ofisyel lapolis avan yo kouri pataje move nouvèl ke moun ki gen enterè nan gang ap sikile sou rezo sosyal yo.

Gen yon tandans kap devlope kote tout krim ki fèt tonbe sou do ensekirite ak gang pou anpeche ankèt fèt sou vrè otè krim yo. Lapolis nan Latibonit veyatif e lap obsève anpil pridans nan dosye kriminèl yo.

Lapolis Latibonit remesye tout moun kap bay bon jan enfòmasyon pou anket sa abouti. E li ba yo garanti tout sa yo di sou dosye sa ap kontinye rete konfidansyèl.

Gonayiv, 14 desanm 2022.

Sèvis Depatmantal kominikasyon
Latibonit

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.