Ayiti : Gang yo kontwole 60% tèritwa nan kapital peyi a, dapre Nasyonzini

0
872

Chèf imanitè Nasyonzini an Ulrika Ulfsdotter Richardson fè konnen prèske 60% tèritwa nan kapital peyi Ayiti anba kontwòl gang k ap komèt zak vyolans ak abi seksyèl sou manm popilasyon an. Zak kriminèl sa yo fòse plizyè milye moun kite lakay yo.

Yon lòt bò, chèf imanitè a deklare omwen 20 mil moun ap fè fas ak kondisyon katastwofik tankou grangou, epi epidemi kolera a ki retounen nan peyi a e ki deja lakoz lanmò plis pase 280 moun.

Selon Madan Richardson, Ayiti gen yon nesesite ijan nan ka sa kote mwatye popilasyon peyi a ta va bezwen asistans ijan.

N ap raple gen apeprè 12 mil moun ki te entène lopital ak maladi a depi 2 oktòb e pou koulye a gen plis pase 14 mil sispèk ka kolera nan tout peyi a.

Bidler Nelson 
bidlernelson@gmail.com

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.