Lapolis Latibonit arete nan Tibwadòm 3 trafikan dwòg e sezi yon kagezon marijwana

0
1455

DIREKSYON DEPATMANTAL LATIBONIT

Lapolis Latibonit arete nan Tibwadòm 3 trafikan dwòg epi sezi 23 bal marijuana ki evalye a anviwon 23 milyon goud.

Lapolis nan Latibonit arete nan Ti Bois-d’omme,  komin Gwomòn, 3 trafikan dwòg Aldonère DESTINE. Emmanuel SUGGNY ak Vertilus CELICIA. Trafikan dwòg sa yo tap transpòte 503,75 lbs marijuana nan 23 gwo sak nan yon  pikop Toyota an direksyon Depatman Nodwès, ki evalye a  22,668,759 milyon goud.

Nap raple Direktè Depatmantal latibonit la, komisè Divizyonè Jean Bruce MYRTIL,  kap egzekite nouvo plan Direktè Jeneral polis la pou mete sekirite nan Latibonit, te deklare nan Savyen 5èdtan avan operasyon kont trafikan sa yo, ke tout gang kap evolye nan Depatman Latibonit la gen antèn sou yo. Anyen pap travèse Depatman Latibonit la, kit se Dwòg, kit se zam, kit se bal.

Li te ajoute : »tout moun ki rantre nan gang gen pou chwazi youn nan 3 M sa.5 yo (Mawon – Mare – Mouri). Swa yo mawon, swa lapolis mare yo, swa yo mouri nan afwontman ak Lapolis).

Direksyon Depatmanal Latibonit pral remet dwòg ki sezi yo a BLTS ki se inite nan lapolis la ki gen ekspètiz nan domèn sa.

Sèvis Depatmantal kominikasyon
Latibonit

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.