Vidéo : Le DDNO lance un important message aux policiers du Nord’Ouest

0
2402

 MESSAGE VIDEO DU DDNO AUX POLICIERS DU NORD’OUEST

A tous les policiers du Département du Nord’Ouest

Ici votre commandant

PROBLEM GAZ FE NOU PA KA REYINI FIZIKMAN

PWOBLEM REZO ENTENET FE NOU PA KA REYINI AN VIZYO-KONFERANS

MWEN CHWAZI KANAL SA POU KOMINIKE AVEK NOU

Direksyon Depatmantal la ap felisite tout polisye nan Depatman Nòdwès la ki travay lajounen kou lanwit pou sekirize popilasyon an e ki montre kapasite adaptasyon yo genyen nan aplikasyon nouvo metòd travay DDNO a, ki li menm ap aji sou enstriksyon komandan an Chèf Polis la, DG Frantz ELBE.

Jodia nou gen nan Nòdwès yon polis fò, discipline, respekte.

Nou benefisye tou de bon eritaj Direktè kite pase avan nou yo kite pou nou. Nou Sèlman fè kèk ajisteman pou nou gen gwo rezilta sa yo jodi a. Nou te jwenn yon Depatman kote chak katye gen yon gang. Chak zòn te gen yon Jeneral.  Machann pat ka peye DGI ankò, se gang ki te fè resèt nan plizyè  mache. Gang tap reklame lajan pou ti avyon ateri. Ri Charlemagne Peralte ki nan kè vil Pòdepè, se gang ki tap dirije l. Gen bon zòn rezidansyèl tankou Lakoup ak Fatima, se bandi ki tap dirije yo. Nou mete tout Hors d’État de nuire.

Jodia, chak sitwayen ki gen yon polisye sou katye l santi l an konfyans. Tout sitwayen transfome tèt yo an enfomatè lapolis. Jodia Nodwes sou kontwòl total lapolis. Pa gen okenn kote gang kontwole.

Vous avez grandement contribué au rétablissement de l’autorité de l’État dans ce Département. La population a repris confiance en la Police, les bandits restent désormais en prison et la population du Nord’Ouest n’est plus sous l’emprise des gangs.

Komandan Jiridiksyon ak inite espesyalize yo,

Nou te ede m rekonstwi “ingénierie mentale” polisye yo. Ansanm, nou refòmate sèvo yo nan ba yo bon jan motivasyon pou gen plis konfyans nan tèt yo. Nou te jwenn yon polis ki tap tranble devan bandi, kote fanmi ak zanmi polisye yo te konn ap lapriyè pou yo chak fwa yap soti. Jodi a pa gen bandi kap sikile nan Nòdwès. Tout sa ki mortellement blessé nan afwontman ak lapolis, yo nan prizon oubyen nan mawon.

Direksyon Depatmantal la, te kreye yon selil dwa moun pou te obseve konpotman polisye yo nan operasyon yo. Jiskaprezan, pa gen okenn plent ki pote kont yon polisye pou move aksyon ki ta poze nan egzèsis fonksyon yo. Okontrè, popilasyon an:

  • se dlo lap pote pou polisye yo bwè lè nan patwouy
  • se manje lap ba yo lè yo nan misyon nan komin ki lwen yo tankou nan Ba Nòdwès
  • se flè UDMO ap resevwa tankou yon kontenjan ki libere yon popilasyon

Men pou sa yo te posib. Fòk te gen yon chèf kap bay egzanp. Fòk te gen yon modèl. Menm jan chèf la ap evalye twoup la, twoup la ap evalye chèf la tou. Fidbak yo vin jwenn mwen. Jodi a Polisye Nòdwès yo fyè.

  • lè yo konnen chef yo pa nan konbin ak pèsonn
  • lè yo konnen chef yo pa vin sekirize dilè dwòg, machann zam ak machann bal
  • lè yo konnen chef yo resevwa lòd Selman nan Direksyon Jeneral
  • lè yo konnen chef yo respekte lalwa
  • lè yo konnen chef yo konprann yo
  • lè yo konnen chef yo ap pwoteje yo
  • lè yo konnen chef yo respekte dwa moun
  • lè yo konnen menm si tout yon systèm ta enplike nan move aksyon, chef yo pap eskandal koripsyon
  • lè yo konnen pèsonn pap oze pwopoze chèf yo rantre nan koripsyon
  • lè yo konnen chef yo pa vin rich nan dosye ilegal sou do polisye kap bourike
  • angwo, polisye a alèz, lè li fè chèf li konfyans

10 gang demantle. Dizyèm gang nan se popilasyon lakwa ki te reaji kont tirès ki te rete a, apre lapolis te deja arete 8 nan yo. Nan zafè gang, te gen 10 ki tap feraye nan Depatman an. Tous les 10 deja netralize. Kidonk, lapolis Nòdwès fè 10/10.

Kom bilan e gras a efo polisye yo ak api popilasyon an

*451 interpellations :  174 arrestations                          

59 bandi arete

06 mortellement blessés san konte anpil operasyon avek sikse ke lapolis Nodwes ak UDMO Latibonit te fè Tibwadom ak Pendu.

Sou komandman nou lapolis Nodwes sezi

* 25 armes à feu saisies (14 pistolets   –   06 revolvers    –   02 fusil cal. 12   –   01 mini UZI     

    02 fusils automatiques)

* 145, 638 cartouches                      

  • 139,120 cartouches 5.56                                  
  •     4,000 cartouches 7.62                                  
  •     2,264 cartouches 9mm                                 
  •          55 cartouches cal. 38                              
  •        182 cartouches cal. 40
  •          17 cartouches cal. 12

* 84 véhicules confisqués

*07 kilos de cocaïne saisis

Komandan Jiridiksyon ak inite espesyalize yo,

Kontinye travay pou popilasyon Nòdwès la pase yon fen ane 2022, san okenn entyetid. Nou gen 4 gwo evènman kap tann nou: Sen Nikola 4 Desann, Imakile 7 Desanm, Nwèl 25 Desanm ak 31 Desanm. Anatanke komandan nou, mw fyè de nou. Map mande nou pou transmèt felisitasyon m yo a tout twoup nap kòmande yo. Nan non Direktè Jeneral Frantz ELBE ke mwen reprezante nan Depatman Nòdwès la, map remesye nou pou gwo kontribisyon polisye Nòdwès bay nan sèvi ak proteje vi ak byen popilasyon an.

Ke Bondye kontinye beni nou ! Mèsi

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.