Pozisyon AKAO sou sitiyasyon vyolans ak depòtasyon ayisyen ap sibi lan Repiblik Dominikèn

0
314

Jedi 24 novanm 2022 ((rezonodwes.com))–

Pozisyon AKAO sou Sitiyasyon Vyolans ak Depòtasyon Ayisyen ap sibi lan Repiblik Dominikèn.

1- Sistèm ekonomik ak sosyal miwo miba ki tabli nan peyi a apre lesklavaj kaba, mete sou malè panzou finansye Lafrans mare sou endepandans Ayiti, makònen ak blokis gwo pwisans yo kanpe, lakòz plizyè milye pitit tè a, espesyalman malere yo, oblije derasinen tèt yo pou ale chèche lavi miyò nan lòt peyi.

2- Nan fen 19vyèm ak 20tyèm syèk, nan diferan peryòd, plizyè santèn, milye, travayè, nan lide pou amelyore kondisyon lavi yo, pou yo viv tankou moun, janbe fwontyè, janbe lanmè, ak diyite yo ak fòs kouraj yo pou ale travay san pran souf nan zafra nan peyi Kiba ak Dominikani.

3- Paske depi anviwon 50 lane, kriz sou kriz nan sistèm ekonomik la ki depafini li moso pa moso, mete sou kontwòl gwo pwuisans yo genyen sou direksyon peyi a, pitit tè a kontinye kite peyi a pirèd chak jou pi plis. Sòti nan lane 1960 yo pou rive nan dis dènye lane yo, konpatriyòt nou yo, tout kategori sosyal reyini, pa bann ak pa pakèt, gaye toupatou nan 4 kwen latè: zòn Nò Lamerik, Lewòp, Lafrik, zòn Karayib la, zòn Sid Lamerik.

4- Menm jan zansèt nou yo te sèmante epi goumen pou derasinen lesklavaj, Pèp Ayisyen kanpe, deside li pap bay legen devan sistèm k ap pwodui eksplwatasyon, grangou, imilyasyon, rasis, detwui lavi; konsa chak jou ki jou l ap chèche wout liberasyon l.

5- AKAO ap salye kouraj mas yo, ki kontinye goumen andedan kou deyò peyi a nan revandike yon tranzisyon koupe fache, pou desitire vye sistèm k ap repwodui eksplwatasyon ak lamizè ki pa janm bout, epi transfòme peyi a tankou yon lanfè k ap manje pitit li grenn pa grenn. AKAO ap salye tou kouraj ak travay onèt milye Konpatriyòt nou yo ki pote gwo kontribisyon nan devlòpman ekonomi peyi Repiblik Dominikèn, pandan jan sa ap fèt yon lòt fwa ankò depi 11 novanm 2022, yo pa janm sispann resevwa anba men otorite peyi sila move tribilasyon, imilyasyon, vyolasyon dwa yo; Yon pil zak ki fèt dèyè do lalwa dominiken ak tout konvansyon entènasyonal peyi a siyen.

6- Nan kontèks sa a, Pati a remake se sèlman apre di jou gouvènman defakto Ariel Henry-PHTK 3zyèm vèsyon resi sòti yon deklarasyon prensip degrenn fèb sou vyolasyon dwa migran ayisyen yo, san mande sanksyon kont tout fonksyonè k ap pase lalwa anba pye, pandan l ap kontinye ak yon politik pou ogmante soufrans popilasyon an ak lavi chè, gaz pwazon FMI, lese grennen kidnapinn ak masak k ap fèt chak jou nan peyi a tankou nan katye popilè yo.

7- Yon lòt bò AKAO mande, pou òganis dwa zimen konsekan, gwoup sosyo politik an Ayiti ak nan lòt peyi, mete ak enstans entènasyonal, voye je sou sitiyasyon konpatriyòt nou yo an Repiblik Dominikèn, travay nan sans pou fè otorite peyi sila respekte lalwa ak konvansyon entènasyonal yo komsadwa, epi veye pou dwa tout migran respekte.

8- Vye sistèm peze souse a bout. Vle pa vle, Pèp Ayisyen an ap kontinye mobilize l, kontinye òganize l, goumen pou plante yon lòt pwojè ekonomik ki kapab pwodui plis richès pou yon sosyete san fòs kote.

9- Li enpòtan e nesesè pou fòs pwogesis yo federe tèt yo sou nouvo pwojè ekonomik sila a ki dwe makònen ak solidarite tout gwoup ak fòs sosyal ki vle fini ak kalamite Pèp Ayisyen ap viv andedan kou deyò peyi a. Se yon zouti nesesè pou kwape rejim defakto Ariel Henry – PHTK 3zyèm vèsyon an ki pap travay nan sans entere popilasyon an ki dwe yon repons djanm pou mòd dirijan sa yo pa janm tounen lan tèt peyi a.

Viv Ayiti ! Viv yon Peyi granmoun, yon Sosyete san fòs kote. Pòtoprens, Jou ki 21 Novanm 2022

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.