20 octobre 2026
Brezil pa enterese voye militè ann Ayiti
Actualités Société

Brezil pa enterese voye militè ann Ayiti

Madi 22 novanm 2022 ((rezonodwes.com))–

Depi mwa oktòb la, plizyè rankont fèt nan Nasyonzini pou diskite sou posibilite pou ta voye yon fòs entèvansyon an Ayiti nan lide pou konvat ensekirite epi ede relouvri tèminal petwòl gang yo te bloke a.

Lapolis te rive reprann kontwòl tèminal la mwa sa a epi fè distribisyon petwòl la nan plizyè vil nan peyi a. Sepandan kidnaping ak zak vyolans gang yo ap kontinye, nan moman yap goumen pou kontwòl plis teritwa.

Daprè sa 2 responsab Brezilyen di jounal Reuters pa gen anpil chans pou nouvo gouvènman Brezilyen an ta pote asistans militè bay Ayiti malgre demann peyi a te lanse pou yon fòs entènasyonal vin ede l konfwonte gang yo. Yon lòt bò, 2 responsab yo fè konnen entèvansyon militè ki te fèt anvan yo pat pote bon rezilta pou peyi a.

N ap raple Celso Amorim, ki se aktyèl konseye politik etranjè prezidan eli a, Luiz Inacio Lula Da Silva, konseye a fè konnen « Nenpòt patisipasyon gouvènnan Brezilyen t ap difisil anpil nan kriz peyi Ayiti ap travèse a alewè yon fòs militè etranje ».

Bidler Nelson
bidlernelson@gmail.com

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. Découvrez comment les données de vos commentaires sont traitées.