Atis ayisyen Gethcé Pierre seleksyone pou final  »Benin Showbiz Awards 2022 » ann Afrik

0
1333

Samdi 5 novanm 2022 ((rezonodwes.com))–

Gethcé Pierre s on jèn atis ayisyen ki nomine pou final Benin Showbiz Awards, nan kategori « Meyè Atis Dyaspora ». Atis la gentan pase 2 premye etap nan konkou a.
Premye etap la, Gethcé te enskri ak voye zèv li pou manm jiri a koute.

« M te postile, voye travay mwen fè deja ak sa mwen gen nan tiwa tankou albòm mwen, pou yo odisyone », atis la fè konnen.

Dezyèm etap la baze sou obsèvasyon l nan konpozisyon mizikal li ak fason l pèfome epi kolabore nan estidyo ak kèk lòt talan afriken nan. 

Gethcé Pierre se timoun Ans Wouj ki fè mizik pou l fè tande vwa l. Atis la toujou fè santi angajman sosyal li nan mizik l ap chante. Li s on malad mizik e l patisipe nan lòt pwogram atistik ki fèt atravè monn lan tankou peyi Bèljik (Kreyasyon espektak), Lafrans (Viza Kreyasyon, Konsèvatwa) pou reprezante Ayiti.

Pou koulye a, Gethcé Pierre rete yon dènye etap ki se ekselans demokratik. Etap sa baze sou vòt piblik la ak apresyasyon manm jiri a. Tout moun alawonnbadè k ab vote an liy oubyen ak SMS pou pèmèt atis la ranpòte konkou a nan lyen sa (http://benin-showbiz-awards.com ).

Benin Showbiz Awards sou senkyèm (5èm) edisyon l e li se yon evènman ki la pou rekonpanse meyè aktè ki nan showbiz nan peyi Benin epi tout Afriken an jeneral ni sila yo ki nan dyaspora yo.

Bidler Nelson
bidlernelson@gmail.com

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.