26 septembre 2025
Men kòman pou w vote pou chantèz ayisyèn Magdaline Mytil nan  »Prix Découverte RFI 2022 » a
Actualités Culture Kreyòl Société

Men kòman pou w vote pou chantèz ayisyèn Magdaline Mytil nan  »Prix Découverte RFI 2022 » a

Ayisyèn Magdaline Mytil nan lis 10 finalis pri dekouvèt RFI 2022 a

Samdi 5 novanm 2022 ((rezonodwes.com))–

Aprè yon komite avan jij ki gen ladann kèk gwo pèsonalite tankou Claudy Siar, DJ Moh Green, Valérie Passelègue, Eric Bellamy te reyini nan dat ki te 14 oktòb 2022 a. Manm avan jij pou konkou a rive devwale pami 2100 kandida, 10 finalis pou pri dekouvèt RFI ane sa a.

Pou edisyon konkou pri dekouvèt RFI ane a, atis Magdaline Mytil nan lis 10 finalis yo. « Bòn nouvel sou 2100 kandida Magdaline Mytil fè pati 10 finalis konkou»,“Prix Découverte RFI-2022 a”, atis la ekri sou kont Facebook li.

Anons loreya pri dekouvèt RFI ane a ap piblik jou k ap 18 novanm nan. Jijman sou pèfòmans zèv atis la ak vot se prensipal pwen fò pou yon atis ranpòte konkou a. Yon gwoup gran jiri ki gen ladann atis ak pwofesyonèl ap gen pou bay dizon yo pou chwazi loreya konkou pri dekouvèt RFI 2022 a.

N ap raple depi lane 1981, pri dekouvèt RFI pèmèt divès jèn mizisyen afriken fè anpil siksè nan monn lan. Pri sa non sèlman rekonpanse atis ki loreya a men l pèmèt li g on gwo vizibilite medyatik nan endistri mizikal la. Men depi kèk tan tou, gwo pri sa bay plis ouvèti ak lòt atis nan kontinen amerik ak karayib la pou patisipe e vann talan yo.

• Men kijan ou ka vote pou MAGDALINE MYTIL nan konkou Prix Découverte RFI 2022 a

1.W ap antre nan lien an https://musique.rfi.fr/prix-decouvertes/vote

2.W ap defile desann wap peze “je choisis” pou MAGDALINE MYTIL

3.L ap tou voyew anba kote pou w mete
-non w
-prenon w
-courriel (adress e-mail)

4.W ap koche j’accepte les*

5.W ap koche “je ne suis pas un Robot

6.Peze VOTE

Bidler Nelson
bidlernelson@gmail.com

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.