Pòtoprens, jou madi premye novanm 2022 ((rezonodwes.com))–
NÒT TOU LOUVRI
Mwen, Marjory Michel, mwen denonse e enskri m an fo kont deklarasyon mansonjè yon seri moun ap mache fè nan kek radyo ak sou rezo sosyo kont mwen. Mwen pa gen anyen pou m wè ni pre ni lwen ak mòd rimè sa yo. Nan kad prevansyon, mwen ekri yon nòt, jou ki lendi 31 oktòb 2022 a nan aswè , bay CG Jacques Lafontant kise defansè legal sosyete a, yon fason pou m alète l sou nouvo rebondisman sa.
Mwen pa yon kriminèl, mwen pa t yon kriminèl e mwen pap janm yon kriminèl. Se WI ak NON mwen genyen.
Pandan avoka m yo ap adrese dosye sa fòmèlman bay Lajistis, mwen konseye moun sa yo al chèche nan lòt direksyon tenèb la , mwen toujou rete nan direksyon limyè a .
Yon jou fòk sa fini pou nou gen yon peyi ki chita sou respè dwa moun , kote nenpòt moun pap gen dwa monte sou radyo, nan rezo sosyo, di nenpòt ki bagay sou nenpòt moun pou asasine karaktè yo , La défaite du droit n’est que provisoire. Yon peyi paka plonje nan nondwa nèt ale.
Panorama jeneral Peyi a jodi a se konsekans fason fòs fènwa detounen yon seri aktè gwo tantakil, e deside fè nan fason pa yo sa ki rele politik la. Ajisman enkomòd moun sa yo mete Peyi a nan degre pouriti nap viv la, kit sou plan sekiritè, ekonomik, sosyal ak politik
Si pou Peyi a rive sòti nan labou li ye a , fòk aktè politik chwazi yon lòt konpòtman. Fòk panorama politik la chanje. Fòk Lalwa se sèl bousòl sitwayen ak sitwayèn.
Mwen, Marjory Michel, mwen chwazi wout ki pi difisil la an Ayiti, wout LAVERITE, wout pou m rete ak KONSYANS MWEN TRANKIL . Chwa sa, gen yon pri ! Si politik se bay manti, si politik se pou yon moun gen plizyè figi, plizyè langaj, si politik se yon sèk ki aksepte moun louch sèlman, nou mét konnen mwen pa politisyen paske m sèmante pou m rete antye ak konsyans mwen klè. Si gen moun konsyans yo twouble se pa Marjory Michel ki lakoz sa . Yon jou verite gen pou blayi. Mo NON sa koute m chè anpil e mwen asime l.
Soti nan gè frèt nan SDP desanm 2021 pou rive nan divizyon deklare apati jiyè 2022, mwen pran anpil atak, yo tante demoli pèsonalite m, yo tante demoli m fizikman : sèl bousòl mwen ap toujou rete Lajistis ak Lapolis Peyi m, malgre lantè ak feblès yo.
Mwen rete kwè nan Lajistis Peyi m.
Chak menas ak atak mwen subi, mwen toujou fè m devwa enfòme Defansè Sosyete a, Lapolis la ak yon enstitisyon dwa moun RNDDH. Genyen nan menas ak atak yo mwen toujou fè Jij depè vèbalize yo e gen plent ki depoze deja. Se vèdik Lajistis Peyi m map tann, se nan li mwen kwè apre kwayans mwen nan Fòs Siperyè pozitif nan Linivè a.
Si gen moun ki pa gen Lapè nan konsyans yo, se pa Marjory Michel. Paske m renmen verite ak lapè nan konsyans mwen, sa fè m toujou toujou evite rantre nan tout demach ki parèt pa klè e ki pa kòdyòm.
Ayiti dwe viv !
Mèsi
Marjory Michel
Ex-Ministre à la Condition Féminine
Sitwayèn angaje