Nasyonzini lanse yon nouvo sit entènèt an Kreyòl ayisyen

0
994

Kominike LONI ann Ayiti

Pòtoprens, mèkredi 26 Oktòb 2022 ((rezonodwes.com))– Nan lokazyon jounen Nasyonzini an, Nasyonzini an Ayiti lanse yon nouvo sit entènèt an Kreyòl k ap gen pou montre epi chita sou preyokipasyon pèp ayisyen an, selon Kowòdonatris Rezidan ak Imanitè Nasyonzini an, Ulrika Richardson.

Se pou lapremyè fwa Ekip Nasyonzini nan peyi D Ayiti, ki gen ladann ajans devlopman ak imanitè yo pibliye yon sit entènèt an Kreyòl ayisyen [https://haiti.un.org/ht].

Madam Richardson deklare: « Mwen fyè pou mwen lanse sit entènèt Nasyonzini an an Kreyòl. Mwen panse sit sa ap pèmèt Ayisyen ak Ayisyèn gen plis aksè ak travay Nasyonzini ap fè. “Li enpòtan anpil nan moman kriz yo pou tout moun konprann aklè wòl epi kisa Nasyonzini ap regle” 

Sit entènèt la ki disponib tou an fransè epi an anglè, mete fokis sou defi peyi a ap fè fas, men li montre tou gwo potansyèl peyi a genyen epi kòman Nasyonzini ap kolabore ak leta ayisyen pou jwenn solisyon k ap ede Ayiti pran wout pwogrè ak devlopman k ap dire.

Madam Richardson fè konnen gen « atik ki fokis sou listwa ak lavi moun k ap rakonte istwa fanm, gason ak timoun nan tout peyi a. Yo pran yon plas enpòtan sou sit entènèt la. »

Pou akeyi lansman sit entènèt la, Renauld Govain ki se Dwayen Fakilte Lengwistik Aplike nan Inivèsite Leta D Ayiti di sa demontre « Nasyonzini kòmanse konprann wòl didaktik li sipoze jwe nan fòmasyon ak transfòmasyon sosyal kominote yo nan bay enfòmasyon. »

Sit entènèt la lanse ak plizyè istwa ki bay enfòmasyon enpòtan sou maladi kolera ki retounen nan Pòtoprens. Sou sit la, gen achiv listwa ki soti nan seri « Figi Redrèsman » ki mete limyè sou kòman moun ki te viktim nan tranblemanntè ki te pase nan mwa dawout 2021 an, nan zòn gran sid nan peyi a ap rekonstwi lavi yo pou yon demen miyò.

Madam Richardson fè remake « N ap kontinye angaje nou, nan tèt kole ak tout Ayisyen ak Ayisyèn. N ap kontan si yo pataje ak nou sa yo panse nan lide pou nou amelyore sit la, yon fason pou nou ka pi byen sèvi pèp ayisyen an nan ba yo enfòmasyon yo bezwen sou aktivite Nasyonzini an Ayiti ». 

Yo selebre jounen Nasyonzini an chak 24 Oktòb pou make kreyasyon òganizasyon an nan dat 24 Oktòb 1945.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.