26 septembre 2025
Nan koze federasyon gang BBQ a, Matris Liberasyon lonje dwèt li byen long sou Madan La Lime Binuh
Actualités Kreyòl Société

Nan koze federasyon gang BBQ a, Matris Liberasyon lonje dwèt li byen long sou Madan La Lime Binuh

Madi 25 oktòb 2022 ((rezonodwes.com))–

Matris Liberasyon wete chapo l pou l salye popilasyon Ayisyèn nan jiskatè. Se avèk anpil lapenn Matris Liberasyon ap konstate zak kriminèl mas pèp la ap sibi nan Kwadèboukè, Site Solèy, Matisan, Kanaan , Bèlè, Laboul,  elatriye. Se chak jou inosan, fanm kou gason, timoun kou granmou, ap tonbe devan je Leta a. Yon Leta ki rete bèkèkè ap tann Lokipasyon LONI, Etazini ak Kanada. Nan sans sa a, LONI fèk adopte yon Rezolisyon 21 oktob 2022 a pou lonje dwèt li men longè sou Babekyou, pòtpawòl federasyon Gang G9, kòm prensipal responsab ki bloke VARREUX , anpeche gaz la distribiye.

Matris Liberasyon sote sou okazyon sa pou raple popilasyon an, se Madan Lalim, chèf BINUH an, repezantan LONI an Ayiti ki  kreye G9 , ki  alatèt li, pa entèmedyé CNDDR, Leta Ayisyen li menm legalize l sou bout tè Desalin nan .

Federasyon gang sa a Ki gen kòm pòt pawòl-ekzekitif li Jimmy Chérizier (Babekyou) ak tout lòt chèf gang G9 yo, se travayè Madan Lalim. Èske nou sonje, deklarasyon sa a Madan m nan te fè yon jou nan asanble Nasyonzini pou l deklare : « Avèk federasyon gang yo, gen mwens moun ki mouri ».

Ebyen, men rezilta a jounen jodi a: Toupatou nan peyi a se masak , militan-t tonbe kou lapli, nou p ap janm ka bliye pòt pawòl nou Antoinette Duclaire ( NETTY) ak jounalis Diego Charles yo rive asasine yo, pandan pou Madanm nan federe gang yo se te pi bon bagay ki te ka rive Ayiti,  moun ap mouri nan Kolera, moun ap mouri lopital, kamyon manje paka rantre, timoun paka al lekol, antrepriz yo,  leta kou prive fèmen, lavichè disèt wotè, pifò estasyon radyo yo fèmen, pa gen kouran…tout sa,  akoz « G9 ak Alye » bloke gaz la nan Varreux! LONI, Madan Lalim, G9, Babekyou, Leta Ayisyen ak tout lòt gang k ap toupizi popilasyon an, tout RESPONSAB !!!

Matris Liberasyon vle raple pèp Vanyan an  Ayiti sou anbago zam depi dikdantan ,  men tout zam ki nan men bandi yo soti nan peyi letranje espesyalman ETAZINI, Ayiti pa fè zam. Sanksyon pa ka pran kont pòt pawòl la epi pou  inisyatè a Madan Lalim kontinye ap flannen nan peyi a tankou yon bon moun pezib .

Nou menm Matris Liberasyon nou mande reparasyon pou pèp ayisyen an, katye popilè yo , moun ki pèdi biznis yo gang pran, oubyen mete dife , fanmi ki oblije abandone kay yo , gaz la federasyon Madan Lalim-PHTK bloke  nan peyi a, depi 6 semèn, sa ki  lakoz moun ap  mouri chak jou pi plis nan mank swen nan lopital.

Matris ap denonse jwèt rat mòde soufle, ipokrit karesan LONI,  KANADA,  ETAZINI ,  ap fè ak  AYITI a . Ni LONI , ETAZINI , KANADA konnen byen pwòp :

Tout gwo potanta PHTK AK ALYE ki MÈT gang yo;

k ap alimante yo;
k ap finanse yo;
k ap ba yo zam ;
k ap sekirize envestisman yo…

Poukisa yo pa mete lis non Potanta sa yo nan lari?

Poukisa y ap pwoteje yo konsa?

Devan KRIZ IMANITÈ SA A, MATRIS LIBERASYON ap mande LONI ,REPARASYON, reparasyon pou Ayiti ak REVOKASYON POU Madan Lalim. Nou mande reparasyon pou tout kay moun ki boule yo, reparasyon pou tout fanmi gang yo lage toutouni nan lari, reparasyon pou masak  Bèlè,  Site solèy, Maya , Kwadèboukè , Matisan, al anpil lòt kote ankò.

Matris Liberasyon ap raple tout pèp ayisyen an, daprè sa ki pase deja nan listwa nou, PÈSÒN PA KA CHANJE PEYI SA A POU NOU. Dayè tout lòt peyi yo ap chache pwofite e yo kontan wè nou nan sitiyasyon sa akoz sa nou te fè nan listwa lemond.

Pèp ayisyen, desten nou, desten peyi sa , se nou menm ki pou trase l, zansèt nou yo te bay Egzanp lan. SÈL YON TRANZISYON KOUPE FACHE AK SISTÈM NEYOKOLON KI K AB PÈMÈT NOU RESPIRE !

PÈP AYISYEN, SI NOU PA DESIDE BATAY POU NOU CHANJE KONDISYON LAVI NOU, N AP DISPARÈT GRENN PA GRENN !!!

Nou se MATRIS !!!

Pou otantifikasyon : Biwo Sekretarya santral Matris Liberasyon matrisliberasyon033@gmail.com

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.