26 septembre 2025
Lapolis touye 2 gwo manm gang Vitelòm nan sou wout Frè
Actualités Kreyòl Société

Lapolis touye 2 gwo manm gang Vitelòm nan sou wout Frè

Lendi 24 oktòb 2022 ((rezonodwes.com))– “Sonel” ki se yon chèf gang ak tout bra dwat li, Vitelòm te fèk enstale pou dechèpiye moun ak biznis sou Wout Frè a tonbe nan echanj kout zam avèk lapolis.

Sa pase samdi 22 oktòb la apre 2 endividi sa yo tap pase remèt moun kap fè biznis nan zòn nan yon anvlòp ak yon grenn katouch ladann pou fè presyon sou yo.

Se konsa yo tal kwaze avèk 2 patrouy lapolis ki te resevwa alèt sou mesye sa yo ki pat ezite tire pou tante chape pou’l yo.

Malerezman yo touche mòtèlman nan echanj kout zam.

Lapolis ap kontinye fè entèvansyon pou demantle tout rezo gang Vitelòm nan ki enplike nan asasinen moun, kidnapin, vòlè machin elatriye…

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.