Lapolis touye Jeneral Dènyetan ak 2 bandi nan gang  »Bon diri » nan Pòdepè

0
1576

Dimanch 23 oktob 2022 ((rezonodwes.com))– Jodi samdi 22 Oktob 2022 a, Schneider ensikoni, alias Jeneral Dènyetan mouri apre li te fin blese nan twoke kout zam ak Ajan UDMO Nòdwès nan yon operasyon lapolis tap mennen nan Ri Dessalines, zòn nan Aman, yon katye nan vil Pòdepè.  

Michelet Jean ak Tyolo se 2 lòt bandi nan gang Bon Diri  ki mouri nan twoke kout zam ak Ajan UDMO Nòdwès nan yon operasyon lapolis tap mennen nan Grigri, yon katye nan vil Pòdepè.  

Lanmò Jeneral Dènyetan ak 2 manm  »Bon diri » yo vin lonje yon lis 08 bandi ki tonbe nan Depatman Nòdwès la sou anviwon yon mwa pandan yo tap tante opoze yo ak entèvansyon Lapolis. 

Lapolis Nòdwès deklare l ap kontinye chèche lot bandi ki kraze rak yo e lap mande kolaborasyon popilasyon an pou bay bon jan enfòmasyon sou tout moun yo ta wè ki blese ak bal nan Depatman Nòdwès la.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.