Oktòb se mwa « Cyber Security » Kèk teknik pou w kontwòle tip pòs ou resevwa sou profil rezososyo w
Dimanch 23 oktòb 2022 ((rezonodwes.com))–
Nan pòs sa, mwen eksplike kijan founisè sèvis entènèt (ISP) ou a kontwole kontni ou resevwa sou fil rezo sosyal ou. Nan fen atik sa, w ap konnen kijan pou aplike kèk teknik senp pou reprann kontwòl sou vi prive w.
Se pa tout moun ki resevwa menm kontni sou kont facebook oswa Tiktok yo. Gen de kalite kontni espesifk ou resevwa san ke ou pa chache yo. Se IPS ou a ki voye yo ba w paske se jan infòmasyon sa yo yo vle w ke w konen. Lè w ap chèche vwayaj oswa lekòl sou Google, platfòm sosyal sa yo ap ba w enfòmasyon vwayaj ak lekòl. Si pa chans, ou chèche pònografi ak danse, kontni ou pral resevwa yo pral yon anpil nan pònografi oswa fanm kap souke dèyè yo. Kalite kontni sa a gen ladan tou videyo ou renmen oswa videyo ou resevwa de zanmi ou yo. Dapre peyi kote w ap viv la, gen sa ki Founisè Sèvis Entènèt ou a ak platfòm sosyal espesifik ou vle ou wè. Platfòm sa yo sèvi ak yon algorithm sèten pou delivre kontni ba ou. Yo delivre yo ba ou ki baze sou sa ki tandans oswa sa yo vle ou konnen.
Èske w janm mande poukisa titok feed ou a plen ak videyo sou rasis, blag, fanm gap gouye, men ou pa jam resevwa kontni sou motivasyon pwòp tèt ou, moun ki reyisi nan zafè antreprenarya oswa responsablite sosyal. Eta final la se kenbe ou amize ak manipile ou nan panse tou sa yo vle ou ak aji jan yo vle ou. Yo ap kontinye voye kontni sa ba ou paske lè yo finalman delivre yon kontni pozitif nan feed ou, ou sèlman gade premye 3 segonn yo epi wal pito chache oswa pataje videyo ki pa edikatif. Plis ou renmen oswa pataje yon kontni, se plis ou resevwa de menm kontni sa yo sou profil ou.
Èske w konnen ke Chinwa yo oswa moun ki nan peyi Lachin pa resevwa oubyen resevwa mwens tip videyo sa yo? Gouvènman yo asire ke itilizatè entènèt nan Lachin resevwa kontni sosyal ak edikatif. Yo vle moun Chinwa yo konnen bon bagay sou Lachin ak sou antreprenarya Lachin. Pou gouvènman Chinwa a, rezo sosyal yo se yon zouti pou edike pa pou amize. Sepandan isit la nan Amerik, 90% nan nou sèvi ak li pou videyo komik ak videyo kap divize n. Se pa etonan nou tèlman analfabèt, tèlman parese, e konsa nou reveye nan pwen nou anile nenpòt moun ki pote agiman diferan de sa nou resevwa sou Titok ak Facebook nou yo. Ki dènye fwa ou te pran yon desizyon konsyan pou gade yon chanèl nouvèl oubyen on infliyansò sosyal ke ISP ou a pou delivre sou paj ou?
M ap envite w fè, si w kapab, yon eksperyans senp. Ale nan Lachin ak menm telefòn selilè w ap itilize nan Amerik la epi ouvri TitiTok. Ou pral desi lè w wè kontni w ap resevwa a pral ede w panse pou tèt ou epi vin yon manm pozitif nan kominote w la. Sepandan, mwen p ap kite w san w pa di w kijan pou w pran kontwòl kontni w ap resevwa a. Teknik mwen pral pataje avèk ou yo aplike pou tou de TikTok ak Facebook. Mwen pa kapab di w si yo pral travay pou SnapChat ak Instagram paske mwen pa gen yon kont avèk yo.
Ann kòmanse ak istwa Navigasyon ou. Sou telefòn selilè ou, ale nan paramèt, apre sa a, mete dwèt ou sou Safary, Chrome oswa nenpòt navigatè ou itilize pou ale sou entènèt. Chèche « Clear History and Website Data ou “Effacer l’historique et les données du site Web, » epi apresa done « Clear History data », ou « Effacer l’historique et les données du site Web, » kontinye desann pou jwenn Prevent Cross-Site Tracking epi peze bouton an pou vire l gri.
Koulye a, ann ale sou Tik-Tok, si gen yon videyo ki montre sou feed ou ke ou pa vle wè ankò, mete dwèt ou sou ekran ou a, yon fenèt ap louvri, chwazi “Not Interested » oswa « Pa enterese ». Kalite kontni sa a p ap parèt sou feed ou ankò. Sonje tou ke ou pa bezwen swiv tounen tout moun ki swiv ou e ou pa oblije J’aime ou pataje tout videyo ke w resevwa.
Koulye a, ann al sou Facebook. Gen plis chans, lè ou louvri facebook, ou pral ateri sou Reels, pa istwa. Si gen yon videyo ki montre sou feed ou a ou pa renmen oswa ou pa vle wè ankò, ouvri videyo sa a, anba adwat videyo sa a, w ap wè twa pwen vètikal, klike sou yo epi chwazi « Hide Video » oswa « Kache videyo. » Kalite kontni sa a p ap parèt sou facebook ou yo ankò.
Sepandan, TitkTok ak Facebook ap kontinye livre yo ba ou, swa ou inyore yo oswa ou di TikTok ou pa enterese oswa kache yo sou Facebook. Èske w te konnen tou ke telefòn ou tande ou lè w ap pale epi mikwofòn ou ka reponn ou lè w poze yon zanmi yon kesyon? Nan yon lòt podcast, mwen ap montre w ki jan yo enfim opsyon sa a.
Lè w sèvi ak Entènèt la, ou otomatikman abandone vi prive w men platfòm sa yo kite yon fason pou w sòti. Ou jis bezwen konnen li. Si ou pa fè sa, ou senpleman di a mond ki moun ou ye, kisa ou renmen, ak ki tandans ou sipòte.
Bobb Rousseau
Azazel Podcast
www.hazazel.com
