26 septembre 2025
Tipa Tipa – Vidéo : Elèv ak pwofesè pran lari kont Ariel
Actualités Kreyòl Société

Tipa Tipa – Vidéo : Elèv ak pwofesè pran lari kont Ariel

Lendi 3 oktòb 2022 ((rezonodwes.com))– Plizyè kote nan zòn metwopolitèn nan, anpil ak pakèt elèv melanje ak pwofesè pran lari lendi maten pou mande Ariel Henry gouvènman li an retire kò li sou pouvwa a pou rantre klas yo ann Ayiti.

Reyaksyon sa fèt pou ka pase nan rizib desizyon minis Edikasyon Nasyonal, Nesmy Manigat, ki di rantre lekòl la ap fèt kan menm jodi a, menm si ane a ap demare tipa tipa.

Manifestan yo, nan Site Solèy kou nan Petyonvil, lanse gwo eslogan kont pouvwa anplas la ke yo trete de  »Leta san wont ».

Yo kritike minis la ki pa menm ka ale nan biwo li e yo dekalre ke  »Lekòl ap louvri premye lendi apre Ariel fin ale ».

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.