Daly Valet : « Kenbe mobilizasyon nou »

0
935

Ayisyen frè ak sè mwen yo, an antandan mwen pran dispozisyon ak mezi pou retounen vin akonpaye nou nan bayay nou ye la ak zam  mikwo mwen e sou beton a, m gen yon mesaj pou nou. Si nou pa vle kwè mesaj sa  n ap regrèt. Si m mouri foumi a pote nouvèl ban mwen.

Men mesaj la :

Okenn peyi etranje, okenn enperyalis ni newokolonyalis, okenn òganizasyon mondyal ou rejyonal pa ka pote solisyon pou nou nan sa peyi nou Ayiti ap viv la. Okontrè listwa nou ak konjonkti jodi a pwouve antite sa yo plis pwoblèm ke yo ta solisyon pou nou. Yo ka senpman akonpaye nou nan refonde sistèm sosyal, ekonomik ak politik Ayiti a ki dwe kraze.  Men etranje pa dwe ap deside pou nou ki sans, oryentasyon ak direksyon konba pèp ayisyen an dwe pran nan kafou istorik nou ye la. Kenbe  moblizasyon nou, kenbe konba nou jiskobou. Nou dwe fondatè nasyon nou an sa. Nou dwe pitit nou ak pitit pitit nou sa.

Sa  Ayiti ap viv la se pa yon kriz. Se pito rezilta  final ak aboutisman kriz ak defo fabrik yon sistèm sosyal enjis ki lage majorite pèp la endijan, nan kras ak mizè, yon sistèm ekonomik ki kontinyè menm estrikti rasis ak eklisivis peryòd kolonyal la, yon sistèm politik ke oligak ak enperyalis yo kidnape e ki mete pèp la deyò nan desizyon ki konsène pwòp vi l ak avni l. Se sistèm sa ki rive nan bout li jodi a. Kawoutchou pouri sa pa ka patche ankò. Ranyon twal sa sa pa ka pyese ankò. Se kraze plat atè chanje tout bagay.  Se refè ak refonde tout sistèm nan nèt nan tout konpatiman l.

Tewori ak eksperyans yo montre lè yon sistèm politik, sosyal ak ekonomik rive nan faz final pourisman l, se andedan pèp la, nan matris sosyete a solisyon an dwe soti. Se pa fòs etranje ak okipasyon etranje k ap pote solisyon sa. Lè etranje pran kontwòl la, se kite nou kite pwoblèm yo san rezoud lage sou zepòl pitit nou ak lòt jenerasyon k ap vini yo. An nou regle pwoblèm yo yon fwa pou tout jodi a, nan moman an. Sa ki mete yo anfas nou e ki pa konprann, zafè yo.

Kenbe konba nou, kenbe moblizasyon nou. JISKOBOU !

 Daly Valet
3 Oktòb 2022

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.