Nòdwès : Lapolis touye 4 bandi nan Pòdepè epi arete 9 lòt

0
1532

DIREKSYON DEPATMANTAL NÒDWÈS | Pòdepè: 4 bandi mouri, 9 lòt arete pandan 1 semenn operasyon 

Vandredi 30 septanm 2022 ((rezonodwes.com))–

Apre UDMO Nan Nodwès te blese mòtèlman Loubert Belmont alias Mèt kfou,  Jonley Pierre alias, alias Lele, Ronald Petit-Dos alias zobobo, jedi 29 septanm nan se kou pa « Mòl » ki tombe nan yon operasyon polis UDMO NODWÈS t ap mennen.

Lapolis Nòdwès arete 9 lòt bandi li t ap chèche ki te enplike nan piyay ki te fèt nan Caritas ak Nan COUD pandan peryòd kriz la ak lòt krim ki te fèt nan depatman Nòdwès la. 

Lapolis Nòdwès rekipere 7 motosiklèt sou 13 ki te pèdi Nan Caritas  jou bandi te al fè piyay nan enstitisyon sa, se BLTS ki rekipere yo.

Gen plizyè lot atik inite sila a sezi nan operasyon sa yo. Gen 4 moun BLTS arete pou patisipasyon yo nan piyay Caritas la e lapolis rekipere materyèl lakay yo.

Sèvis Depatmantal kominikasyon PNH/Nodwès

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.