Prezime bandi  »Zobobo » mouri ak bal apre li tante koupe tèt yon polisye sou zile Latòti

0
2156

KOMINIKE POLIS NASYONAL DAYITI | DIREKSYON DEPATMANTAL NÒDWÈS 

Latòti: Yon prezime bandi tonbe pandan yon operasyon lapolis

Madi 27 septanm 2022 ((rezonodwes.com))–

Ronald Petit-Dos, ki gen ti non jwèt li Zobobo, pèdi lavi l sou zile Latòti apre li te atake polisye yo ak yon manchèt nan lanwit 26 septanm 2022 a.

Prezime bandi sa te resevwa  bal nan janm pandan lòt polisye ki te prezan yo ap tante bloke li nan tantativ pou koupe tòt yon polisye ki t ap eseye metrize l.

Malerezman pou li gen yon katouch ki touche yon venn nan kwis li, e emoraji a pote li ale pandan li t ap pran swen lopital.

Nap raple ke Zobobo te gen manda dèyè l deja pou patisipasyon prezime l nan boule komisarya Latòti a nan ane 2019.

Gen patizan defen Zobobo k ap eseye mobilize kèk  moun nan popilasyon an pou atake polisye yo nan komisarya Latòti a.

Li enpòtan pou tout sitwayen (politisyen, jounalis, pwofesyonèl, jenn, granmoun, etc.) angaje yo pou fè yon apèl a tout popilasyon Latòti a pou kite polisye yo fè travay yo epi sipòte yo pou lapè retabli sou zile a.

Sèvis Depatmantal kominikasyon Nòdwès (Polis Nasyonal Ayiti)

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.