Daly Valet : «Pouvwa sa ki pa konprann mizè pèp ni soufrans klas mwayèn. Vle pa vle fòk li ale«

0
1688

Lendi 26 septanm 2022 ((rezonodwes.com))–

Gang yo !

Pouvwa PHTK a bay gang lisans pou yo fonksyone. Yo vin awoyo nan simaye vyolans. Preval te bay gang yo yon pinga. Yo te poze kou ma kafe.  Rejim prezidan Jovenel la te fè gang yo tounen yon pilye nan sistèm dominasyon pouvwa Tét Kale a. Menm rejim sa fè gang yo kreye yon kowalisyon ant yo nan kapital la kòm zouti entimidasyon ak kontwòl. Blan an bat bravo.

Madan Lalim ale nan Konsèy Sekirite Loni  pou l bat bravo pou rejim Jovenel la dèske li kreye kowalisyon gang sa. Dapre madanm Binuh a se youn nan pi bèl zèv prezidan Jovenel te ka kreye pou mete lapè an Ayiti. Kidonk kowalisyon gang lan se yon bèl reyalizasyon. Vwala pouvwa PHTK mare sosis yo ak blan yo pou enpoze peyi a Ariel. Sou Ariel gang yo pran Pòtoprens pou yo. Popilasyon an ap sibi laterè gang toupatou nan kapital la.  Pouvwa a rete entatad. Gang pran kontwòl peyi a.

Vwala ke pèp la pran lari pou l di li pa vle pouvwa sinik sa ankò.  Pouvwa sa ki pa konprann mizè pèp ni soufrans klas mwayèn.  Vle pa vle fòk li ale. Se kounye a gang yo vin parèt yon pwoblèm. Yo pa t pwoblèm avan sa.  Bizaman jodi a e pouwa Tet Kale a e madan Lalim ki te bat bravo pou kreyasyon federasyon gang yo ale Loni pou mande kominote entènasyonal la konkou pou konbat menm gang sa yo.  Menm moun ki mete dife a, voye gaz sou dife a ap rele ponpye osekou !

Si gen yon bagay  politik an Ayiti montre sèke ni dirijan Ayisyen yo ni blan k ap soutni yo pa konn wont. Poutan peyi a wont pou yo. Peyi a bouke ak ni youn ni lòt e ak tout lame gang yo a.

Daly Valet
26 Septanm 2022

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.