Atansyon lapli ak loray sou plizyè depatman Ayiti

0
752

Dimanch 4 Septanm 2022 ((rezonodwes.com))–

Kondisyon meteyowolojik enstab nan basen karayib la kapab favorize aktivite lapli ak loray sou depatman Lwès, Sidès, Sid, Nip ak Grandans pou jounen dimanch 4 Septanm 2022 a.

Tanpèt twopikal Danielle ak EARL ki deja fòme nan zòn Atlantik la pa menase Ayiti.

Inite Idwometeyowolojik ap suiv kijan Tanpèt twopikal sa yo ap evolye pandan l ap kontinye enfòme popilasyon an.

Akoz anpil lapli ki deja tonbe sou peyi a, Pwoteksyon Sivil ansanm ak Inite Idwometeyowolojik mande popilasyon ki zòn malè pandye yo rete vijilan epi suiv konsiy sekirite yo parapò ak risk inondasyon ak glisman teren.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.