Yon jenn Ayisyen pati a bò Claude Joseph :  »Politisyen isi bliye vit, men n ap rale achiv yo »!

0
9392

Politisyen isi bliye vit men nap rale achiv yo : Ansyen minis Zafè Etranjè ak premye minis Claude Joseph resi jwenn atò. Yon ti jenn ki fenk fè master Syans Politik nan inivèsite peyi Lafrans mete pou misye nèt ale. Polemik la cho. Kritik yo rèd nèt ale…

1- Ou pase kòm minis afè etranjè ou pa devlope okenn pwogram kowoperasyon pou ranfòse okenn sektè nan peyi a .

Ou mache nome tout ti zanmi w nan diplomasi a   pou yo k edew nan pwopagann politik ou a, jiskaske yo kenbe plizyè ti fiyèl ou nan trafik paspò .

Sak pi grav la, gen moun ou mete travay nan anbasad yo ki pa menm gen konpetans pou travay nan bank bòlèt pandan  zanmi nan inivèsite leta ak nan prive ap kontinye mawon peyi a.

Sa yo rele diplomasi Ayisyèn nan, ou krazel plat atè .

Job ou te rezime ak 2 bagay : fè pwopagann nan OEA ak ONU pou kouvri deriv PHTK epi atake gouvènman dominiken pandan menm paspò w pat k livre etidyan peyi w la pou yo k fonksyone nan peyi moun yo.

Nan lide pou kouvri tout deriv wap komèt yo

Ou vin avek on seri ti pwogram bidon pou pèmèt joudalis machann mikwo isi jwenn viza UE ak ameriken  .

Jodi a apre pasaj ou kòm minis ou pa gen okenn bilan, ou pa k rale anyen kòm bagay konkrè ou te fè ki k fè yon moun pale byen de ou .

2- Kòm Premye Minis : yo asasinen prezidan peyi a sou ou .kòm gwo demagòg ou di blan *tout bagay sou kontwòl nan demen*.

Sak pi dwòl nan listwa, lè blan di se Ariel yo  chwazi kòm premye minis , ou mete kòw tou dousman pou w jere ministè afè etranjè a epi w tou ekri OEA pou w dil jan gouvènman Ariel la detèmine pou rétabli lòd nan peyi a.

Epi kan yo revokew la ,ou vloup ou tounen vès ou ,

 ou bliye siw t akolit Ariel

ou bliye si se ou ki te chèf pwopagann li

Ou gentan chanje koulè lontan sa

Ou gentan gwo nasyonalis

Pawòl jistis pou Jovenel ap soti san rete nan bouch ou .

Odas la tèlman rive lwen lakay ou nan moman ou te PM nan ,pandan popilasyon an ap soufri anba bal bandi ou aranjew ak ti leyon pou w al fè parad matisan di tout bagay sou kontwòl epi Var lan toujou kontinye ap bwè san pitit pép la.

Ou tèlman san limit nan odas la, kounya wap fè tèt ou pase pou moun ki k vin chanje peyi a.

Sim byen konprann  ou se yon moun ki apenn antre nan politik la?

Ou pat gen posibilite deja pou w t konbat ensekirite,  a grangou à?

Ou pat janm okipe okenn pòs nan leta pou w t k poze bon aksyon?

Lèw t minis afè etranjè ak 1e minis lan, ayiti te tankou Etazini ?

sim byen konprann se kounya w wè peyi a te gen tout pwoblèm wap di yo?

Antouka wap toujou jwenn zonbi kap akonpanyew nan sa wap fè yo men pa panse jenès la avèg pa panse jenès la bèbè pa panse jenès la pa gen memwa ni bon sans.

Mathias L.DEVERT

Sitwayen angaje

MS Sciences Po Grenoble ( France )

mathiasdevert@gmail.com

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.