Lapolis touye 2 bandi epi libere yon otaj nan Site Doudoun

0
2021

Mèkredi 24 dawout 2022 ((rezonodwes.com))–

Lapolis libere jodi mèkredi 24 dawout la nan Site Doudoun yon dam ki gen 39 lane bandi te kidnape depi 12 dawout nan Dèlma 31.

Pandan operasyon sa gen 2 endividi ki mouri nan echanj kout zam avèk Lapolis. Endividi sa yo se Samuel Joseph ak Guemson Joseph.

Se yon ekip UDMO ak CIMO ki mete ansanm avèk Komisarya Kwadèboukè ki mennen operasyon sa nan Site Doudoun, anpil bandi itilize pou kache epi poze move zak sou popilasyon an.

Viktim nan ki pase 12 jou anba men malfra yo ap eksplike kòman peryòd sa te difisil pou li epi pwofite remèsye Lapolis ki libere l anba men atoufè yo.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.