Vandredi 15 jiyè 2022 ((rezonodwes.com))–
Nòdwès/ Pòdepè : Bilan 3 mwa operasyon Fòslòd yo mennen atravè Nòdwès Soti 15 Avril 2022 pou rive 15 Juiye 2022 sa a :
_ 368 entèpelasyon, pami yo 172 arestasyon .
_ 2 bato konfiske:
_ Lapolis sezi 65 Veyikil, pami yo Yon kamyon bwat ki t gen ladan’l 25 000 katouch nan direksyon Pòtoorens.
_ Lapolis rive sezi tou 07 kilo kokayin,19 Zàmafe ak 145.014 Katouch.
Deklarasyon direktè depatmantal Polis Nòdwès la , komisè divizyonè , Jean Bruce Myrtil, ki voye Yon mizangad bay tout trafikan dwòg ak minisyon Zàm ilegal k ap debake pwodui kriminèl sa yo atravè peyi a, depatman Nòdwès la, anpatikilye e k ap manipile Rezo Sosyal yo nan kreye Fo Nouvèl (Fake News) sou non gwo medya Entènasyonal yo pou denigre otorite yo nan peyi isit k ap batay kont vye pratik kriminèl sa yo Yon fason pou yo kontinye mete dlo nan je popilasyon Ayisyèn nan, Nòdwès anpatikilye.
Nan sans saa, Direktè Myrtil mande pou popilasyon an kontinye kolabore ak Lapolis Yon mannyè pou yo sa rive dechouke/ derachonnen vye mòd paratik Sila yo ki pa sispann mete latwoublay nan mitan fanmi Ayisyen nan.
Direksyon depatmantal Nòdwès
PNH (DDNO/PNH)