Ayisyen nan dyaspora pote solidarite ak viktim kidnaping ak vyolans ann Ayiti

0
1360

NAP POTE SOLIDARITE AK SITWAYEN EPI FANMI KI VIKTIM KIDNAPING AK VOYLANS ANN AYITI  (25 jwen 2022)

Kounyeya, gang fè yon pa anplis nan derespekté dwa moun nan peyi a, yo antre andedan kay pou kidnape moun. Yo derespekte enstitisyon, yo kidnape Palè Jistis. Gang yo kontwole prèske tout zònn. Vyolans blayi sou plizyè katye nan Pòtoprens tankou nan pwovens.

Kidnaping tounen yon gwo biznis pou bandi yo ak tout moun ki nan konkòday ak yo. Òganizasyon ki okipe zafè defans dwa moum ann Ayiti rapòte vyolans gaye plis ane sa a. Pandan 3 premye mwa ane 2022 a, nou anrejistre pase 480 moun ki tonbe anba bal.

KOTE LETA YE NAN TOUT SITIYASYON MAKAB SA A?

 Pèp ayisyen di yo bouke ak kidnaping, vyòl, ensekirite. Pèp ayisyen an ap manifeste detanzantan pou reklame dwa-li. Nan jounal ak nan radyo/televizyon, li fè jefò pou prezante revandikasyon-li. Leta fè tankou li pa tande. Tribinal paka travay. La Jistis absan. Mwa Jen an fè yon lane depi gang yo fè Matisan tounen yon zònn kote moun paka viv. Sitwayen k ap viv nan Lwèst pè vwayaje al nan Sid. Menm fenomèn sa a pase nan “Croix des Bouquets” ak gang 400 Mawozo. Antretan, Premye minis defakto a ap vwayaje adwat/agòch, mache fè diskou toupatou ki pa chita sou anyen, Ki pa gen okenn rapò ak bezwen peyi a. Sitiyasyon politik ak ekonomik peyi ap vin pi malouk, chak jou. Daprè kèlke psikològ ensekirite a lakòz maladi yo rele : « Insomnie ». Òganizasyon « UNICEF » rapòte : « soti mwa Avril la pou rive jodia, gen 55,000 ti moun konsa ki pa retounen lekòl ». Met sou tou sa, pa gen manje ak travay. Konsa, anpil ayisyen, fanm kou gason ap chache yon demen miyò. Y ap kite peyi a, malgre yo jwenn difikilte lòdbò dlo. Anpil ayisyen ap bouske Leta a tribò-babò, yo paka jwenn li. Antretan, anpil fanmiy ap soufri.

Nou aprann bandi yo te antre andedan lakay Arnold Antonin jou ki te 7 Jen 2022, ak zàm lou. Yo te mare Arnold ak yon lòt dàm ki te la, epi yo kidnape Beatriz. Beatriz se madan Arnold Antonin ki se ekriven, pwofesè ekonomi nan Inivèsite. Li reyalize plizyè fim ak dokimantè pou sèvi peyi li. Kidnaping sa a te ba nou sezisman ak lapenn. Nou konnen koze kidnaping nan konn pote lanmò nan plizyè fanmiy.  Kan nou tande Beatriz libere jou ki te Jedi 9 Jen 2022, nou santi soulajman. Nap di Beatriz ak Arnold pran kouraj. Nou konnen, tankou tout lòt viktim, y’ap pote mak kidnaping nan lontan. Yo mèt konte sou solidarite nou nan Dyaspora a.

KOUMAN POUN SOTI NAN ENPAS SI LA A?

Depi kèlke tan, anpil patriyòt, fanm kou gason, ann Ayiti ak aletranje ap mache rankontre, ap reflechi, ap diskite ansanm, ap bouske laverite sou sa k ap pase nan peyi Jean Jacques Accaau nou an. Dan lentèval, anpil ayisyen koumanse vin wè pi klè, koumanse vin pran konsyans. Yo refize bay Ayiti do. Y ap chèche, y ap feraye pou yo ka jwenn solisyon ki nan avantaj pèp la, ki nan gou peyi a. Se nan kontèks sa a, plizyè òganizasyon popilè, bonkou asosiyasyon nan sosyete sivil la ak patriyòt vanyan anndan kou aletranje pran pozisyon bò kote Akò Montana a.

Ako Montana, apre plizyè diskisyon ak deba, plizyè negosyasyon ak konsensis oswa tèt ansanm, rive pwopoze solisyon pou sove peyi a, pou anpeche l tonbe nan tchouboum. Akò Montana pwopoze pou nou tout rasanble poun ka mete yon gouvènman tranzisyon, pou 2 lane, k ap koupe fache, san gade dèyè, ak: 1) tout politik Peze Souse; 2) tout eleksyon Pote Boure; 3) Tout enjerans nan zafè peyi a; 4) Tout vyolans, tout ensekirite gang yo, bandi yo, ap simaye nan tout peyi a; 5) tout zak koripsyon, kidnaping, malfezans, enpinite ak enjistis ki gaye nan tout Ayiti a ak absans Leta.

 Akò Montana a mete nan pwogram li tou : 1) nesesite pou dwa tout moun respekte nan peyi a; 2) tout fòs politik yo dwe pare pou òganize Konferans Nasyonal kote avni peyi a ap diskite nan tout domèn; 3) fòk nouvo dirijan yo pare pou chita koze ak tout peyi etranje oswa tout moun ki vle kolabore, kopere ak Ayiti onètman, san pale met la.

Pou fini, n ap di : pandan n ap voye mo solidarite a bay Arnold Antonin ak Beatriz, n ap lonje men nou tou bay tout moun ki viktim anndan peyi a akoz de ensekirite, kidnaping, viyòl ak tout lòt fòm de vyolans nan peyi a. N ap mande tout ayisyen, ak ayisyèn, anndan kou deyo, pou yo mobilize, pou yo veyatif sou kalite solisyon Ayiti bezwen pou l soti nan fè nwa, pou l leve kanpe sou 2 pye militè l. Konsa li ka vin yon Eta Souvren.

MOUN KI SIYEN NÒT SA A :

Ernest Banatte : New York

Frantz Bertrand : Philadelphie

Michelle Daniel : New York

Hudes Desrameaux : Miami

Olga Fėlix : Miami

Dr. Daniel Henrys : New York

Daniel Huttinot : New York

Jean Claude Icart : Montrėal

Chantal Ismė : Montrėal

Julien Jumelle : New York

Roger Leduc : New York

Robert Berrouët-Oriol, linguiste-terminologue : Montrėal

Lionel Legros : New York

François Marie-Michel : Miami

Sylvie Michel : Miami

Michèle Montas : New York

Marquez Osson : New York

Alain Saint-Victor : Montrėal

Abel Simon Zėphyr : Miami

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.