Ministè Edikasyon demanti zafè elèv yo di ki bat siveyan paske li pa kite yo kopye nan egzamen leta ane sa

0
2089

Videyo k ap sikile sou rezo yo pa gen anyen pou l wè ak kesyon egzamen ane sa a

Mèkredi 22 jen 2022 ((rezonodwes.com))–

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Fwofesyonèl (MENFP) pran konesans yon videyo k ap sikile sou rezo sosyal yo kote elèv ap fè vyolans sou yon moun yo di ki ta siveyan ki t ap patisipe nan egzamen ane sa a.

MENFP vle presize pou tout piblik la, sitou moun k ap travay nan edikasyon, videyo sa a pa gen anyen pou l wè ak dewoulman egzamen ane sa a. Rapò ki sòti nan direksyon depatmantal edikasyon enfome otorite nan ministè a tout aktivite yo dewoule san vyolans nan 930 sant egzamen nan peyi a, e plis pase 300 sant ladan yo ki nan depatman lwès la.

Epi yon senp analiz videyo a montre aklè timoun yo pote inifòm inik pou lise yo aloske semèn sa a se egzamen pou 9yèm ane fondamantal kote timoun lekòl nasyonal yo se inifòm akawo ble yo pote.

Anplis, yon sant egzamen gen ladann tout kalite elèv ki soti nan lekòl piblik ak nan lekòl prive yo e ki gen tout kalite inifòm.Konsa, ministè a vle pwofite pou l kondane tout manipilasyon k ap fèt sou rezo yo lè y ap bay move nouvèl pou simaye latwoublay.

Men MENFP ap di tou li kondane ak tout fòs li tout vyolans k ap fèt anndan lekòl, kit li fèt sou elèv, kit li fèt sou pwofesè ak direktè lekòl. Lekòl la se yon espas pou aprantisaj, pou aprann viv ansanm, pou youn aprann respekte lòt. Okenn vyolans pa gen plas li.

Ministè deja ap mennen ankèt pou konnen ki lè e ki bò sa pase pou ka pran bon jan mezi sou kesyon sa a.Lalwa ak konvansyon entènasyonal Ayiti siyen mande pou pwoteje dwa tout moun e kondane tout vyolans nan lekòl.

MENFP ap raple, nan sans sa a, gen yon « kòd kondwit nan lekòl » ministè a te adopte ak apwi plizyè patnè ki di kouman tout aktè dwe aji anndan lekòl yo san vyolans moral ak fizik.

Ministè konte sou kolaborayon tout moun pou respekte dwa elèv, dwa pwofesè, dwa direktè lekòl pou lekòl yo rive mache komsadwa nan respè youn pou lòt.

Biwo kominikasyon/MENFP

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.