BSA ekri yon lòt fwa Dòk Ariel Henry sou nesesite pou yo rive jwenn yon konsansis politik pou retire peyi-a nan anpil fòm ensekirite

0
5159

Eske PM Ariel Henry ap tann kon dat poul vwayaje al New York nan l’ ONU preske rive pou’l reprann prese prese demach yo tankou jan’l te fè pou’l ta flanen Los Angeles, kote li te sèl dirijan ilejitim nan Sommet des Amériques la

Samedi 18 juin 2022 ((rezonodwes.com))–Nan yon lèt tou louvri ke Bureau Suivi Accord Montana (BSA) voye bay Premye minis de fakto, Dòktè Ariel Henry, ke yon gwoup anbasadè mete nan tèt peyi-a, yo raple mouche Henry ke « 21 jen pral fè yon mwa depi BSA te ekri’l pou transmèt li yon dokiman nan nesesite pou gen yon konsansis politik« . Dapre BSA, dokiman sa ta louvri pòt pou debloke sitiyasyon mongonmen kote PHTK foure peyi-a.

Nan korespondans sa, BSA ki ta sanble rekonèt ke PM lan ki pa finn mèt tèt li, ke se depoze yo depoze’l nan Primati a, pou vinn kontinye antere peyi-a, raple mouche a ke se depi 25 me yap tann yon repons nan men’l « nan lide pour rapouswiv dyalòg politik la« . BSA kontinye pou’l di ekip li-a « ki gen 7 manm deja pare pou monte teren negosyasyon‘ nan enterè Ayiti kap depafini chak jou Bondye mete ak yon koze gang ki ensolan anpil.

Ariel Henry ki pwobableman sou wout pou jwen tikè’l nan men Helen Lalime poul monte New York al asiste Assemblée Générale annuelle de l’ONU, kòm bon jan rekonpans nan detwi peyi e fè militè sou wout debake sou tè Dessalines lan, pa montre ke li twò enterese pou konnia al chita pale ak BSA.

Se poutèt sa « BSA remande’l fòmèlman e solanèlman ak imilite devan gwosè doulè popilasyon an » ke Dòk Ariel « pran reskonsabilite’l ». Yo tou pwofite di’l sil pat konen pou’l al chache jwenn manda bò alye lakay ak lòt bò dlo « pou fòme delegasyon kap vinn chita travay ak delegasyon Montana-a« .

BSA pou fini, souliye ke pandan yap konbat ensekirite a « sou tout fòm, peyi-a bezwen lòd repibliken retabli pi vit posib », yon fason pou yo ti nèg la – Dòk Ariel Henry – ki se yon maryonèt nan men blan Core Group ak Binuh, fè yon kanpe seryezman sou nominasyon tèt chat ke’l panse li ka fè nan Kou kasasyon pou’l akouche yon CEP kwachòkò.

Nou paka al pi lwen ke kote nou rive la !

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.