Solidarité des Haïtiens de la Diaspora denonse zak maspinay ak sasinay sou manb dyaspora ann Ayiti

0
1371

Solidarité des Haïtiens de la Diaspora (S.O.D.H.)
1075, Keuka Road West Hempstead, NY 11552
Sodh2801@gmail.com

NOT POU LA PRÈS

Miami, jeudi 16 juin 2022 ((rezonodwes.com))– S.O.D.H Solidarite des Haitiens de la Diaspora ap salye pep Ayisyen an tout kote sou latè béni , éspesyalman sila ki an AYITI yo kap fé rézistans kont Gouvênman popétwêl réstavek kominoté entènasyonal la ak ti boujwa révandè , mafiozo an Ayiti.

Komisyon dwa moun lan lévé vwa l, byen wo pou dénonsé Tout ka violasyon kap fèt sou pèp Ayisyen tout koté sou la tè an jénéral .

S.O.D.H. Ap dénonsé 2 gro zak ki fèt sou 2 Pitit tè a kap viv o zétazini. 1- Sé bastonad yon diaspora nan lakou Vwazen ( sendomeng). 2- zak asasina ki fét sou Grégory Oscar (alyas pouchon ) nan okay .

Solidarité des Haitiens de la Diaspora¨(S.O.D.H) vini di zak sa a paka rété enpini, fok moun kité patisipé nan zak sa a pasé douvan lajistis , ansanm ak Polisyé ki fit egzékité l apré bastonad la .

Nan sans sa a SODH ap mandé tout Oganizasyon kap Batay pou Démokrasi ak fè réspékté dwa Moun andédan péyi a, pou mété pyé yo a tè nan mennen bon jan ankèt sou dènyé zak sa a , dékouvri koupab é trennen bay lajistis , pou jijé selon manman lwa péyi a. Dwa ak lavi sé yon prensip fondamental pou nou tout réspékté, pèson moun pa gen dwa pou rétiré lavi yon moun pou bay tèt yo jistis .

An nou kontinye Goumen pou Chaviré Chodyè a,chanjè sistèm lan tabli démokrasi andédan péyi a é réspékté dwa ak lavi tout moun nan péyi a.

Israel Guirand 1er responsab (S.O.D.H) Miami Floride
Jean Léonard Joseph 1er responsab (S.O.D.H) Long Island New york
Serge.T Grégoire 1er responsab (S.O.D.H) République Dominicaine

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.