Ansyen depite KADOA yo mande pou dosye reparasyon ak restitisyon an rete vivan

0
2151

Pòtoprens, Mèkredi 25 Me 2022 ((rezonodwes.com))–

Nòt Pou Laprès

Kenbe  Dosye reparasyon ak restitisyon pou dèt Endepandans peyi  DAyiti vivan se yon devwa pou tout vrè patriyòt.

Kolektif Ansyen Depite Opozisyon ak Alye l yo (KADOA) mete chapo l byen ba pou l salye pèp Ayisyen an. KADOA pwofite okazyon sa pou l di onè respè ak jounalis etranje sa yo ki montre ke yo gen konsyans lè yo ba  Ayiti rezon nan pote plis limyè sou krim sa peyi Lafrans te fè sou nou, kote nap peye konsekans lan jouk jounen jodia. Jounalis tèt doubout sa yo : Matt Apuzzo, Constant Méheut, Selam Gebrekidan epi Catherine Porter kite tou konfime Etazini pandan okipasyon amerikèn nan, te kase bank santral Peyi nou, kote yo te pran lò ki te vo 5 san mil dola ameriken. KADOA pwofite menm okazyon an pou salye kouraj ansyen prezidan Jean Bertrand ARISTIDE ki te pran inityativ poul reklame plis pase 21 milya dola ameriken ke peyi Lafrans dwe nou.

Kék Ayisyen ak Ayisyèn, nan vye ògèy ak hèn fatrisid, te pito kore Lafrans pou l pa remèt Ayiti kòb restitisyon an. Anpil ladan yo te pito siyen petisyon kont demach nòb pouvwa lavalas la e yo te pito kouche nan menm kabann ak kriminèl, kolon blan pou kidnape Ansyen Prezidan an olye yo te pote kole pou defann enterè peyi a.  Sak te pi grav la, Premye minis GNB Gerard LATORTU kite gen kòm minis lakilti Magali Comeau  DENIS te al jis nan Peyi Lafrans  pou lal deklare Ayiti pagen dwa reklame kòb restitisyon an. KADOA ap di menm jan Ak JEZIKRI : « Papa Desalin, padone yo, yo pat konn sa yo tap fè a ».

Demach la gen baz legal. Lafrans pran yon lwa kote l rekonèt lesklavaj kòm yon krim kont limanite. Kidonk bouwo yo rekonèt yo te fè yon krim san parèy sou Ayiti. Paske Ayiti te pran lendepandans li, 21 lane aprè Lafrans debake ak gwo zam li kase kès Leta lè l oblije peyi a pou l peye dèt endepandans li. Apre te gen anviwon 30 palmantè Fransè ki te sipòte kòz la, menm yon Presidan fransè vinn rekonèt Lafrans gen yon dèt anvè Ayiti.  Lafrans admèt li te fè yon gwo krim sou Ayiti. Se vre Ayiti paka foure Lafrans nan prizon, men Lafrans dwe Ayiti reparasyon ak restitisyon.

Yon dosye konsa, kèlkilanswa peyi a ta pral privilejye vwa diplomatik, vwa negosyasyon oubyen abritaj, premye devwa peyi viktim nan se denonse krim nan e se prezidan peyi a ki gen lejitimite ak kapasite pou sa. Jodi a, KADOA mande tout Ayisyen mete vye ògèy yo sou koute, kontinye goumen pou mete nan tèt peyi a otorite konsekan pou fè tranzisyon an, mete kondisyon pou reyalize bon jan eleksyon, epi mete tèt nou ansanm pou nal chache kòb reparasyon ak restitisyon an.

Pou otantifikasyon :                                                 
Ansyen Depite Vikerson GARNIER 

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.