15 janvier 2026
Videyo – Premye Me : Ariel Henry di tout Aysyen bòn fèt Agrikilti ak Travay
Actualités Corruption Élections Justice Société

Videyo – Premye Me : Ariel Henry di tout Aysyen bòn fèt Agrikilti ak Travay

Dr. Ariel Henry : »Ann mete tèt nou ansanm pou n kore Agrikilti ak Travay pou n gen plis sekirite« .

Dr. Josué Renaud : »Fòk yon pèp ta vrèman dezespere pou si Ariel Henry, yon vandi, ki sot kote l soti a pou ta vini fè eleksyon pikekole pou PHTK ak kat Dèmalòg an doub e trip kopi ».

Rezo Nòdwès envite w tande Premye minis Ariel Henry, kap swete pèp li a bòn fèt pandan li di lap ba nou eleksyon ki gen anpil siyati ladan l ki ap « lib, onèt, demokratik ».

N ap raple ke gouvènman PHTK depi Michel Martelly (parenn lan) pou pase pran Jovenel Moise (fiyèl la) pou tonbe sou Ariel Henry (yon indekse) ke yon senp twit fè l kwoke nan gòj pèp la, chak ane, dapre rapò « Transparency International », se youn nan gouvènman ki pi kowonpi nan rejyon an.

Klike pou nou swiv Dòk la ki ap pale franse pou peyizan yo nan okazyon fèt lagrikilti alòske menm grenn sitwon se lòtbò fwontyè nou achte sa, alewè sak sik ak siman.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.