remə nisəns se nouvo son sa 35Zile alyas Ab_Salyann Tha God pote pou nou

0
1439

remə ˈnisəns se nouvo son sa 35 Zile alyas Ab_Salyann Tha God pote pou nou 

Samedi 16 avril 2022 ((rezonodwes.com))–

35 zile alyas Ab_Salyann The God se yon rapè ondègrawonn ki enfliyanse pwodiksyon mizik rap an ayiti  nan fason l rape ak konstwi zèv li. 

Atis la gen 9 albòm nan repètwa l ak plis pase 20 lane karyè kòm mizisyen. Pwosesis kreyasyon Ab Salyann The God rive ranmase nòt ki sòti arebò mòn poul plase yo nan yon mizik ki kale lavil ki se mizik rap.

Jou ki te 15 avril la, atis la deside sòti yon nouvo mizik pou anonse pwochen pwojè li ki se yon EP (Extented Play) anba labèl (Label) Intemporel music kap pote non Klate fè nwè.

Nan sans sa, nou te fon ti bat bouch ak li pou Rezonodwes ak Enfo7.

Bidler Nelson : Bonjou  Ab_Salyann The God  ! Eskew kab fon ti pale nou de nouvo mizik ou a, reməˈnisəns ?
Ab Salyann  : Lide a se pataje ak moun ki adere ak kilti  Hip Hop la yon ansanm gwoup ak atis ki te enflyanse kreyasyon m yo.

Bidler Nelson : Ou kab pale nou de kolaborasyonw ak Jay Dee B pou mizik sa ? 
Ab Salyann The God : Se pa premye kolaborasyon m ak Jay Dee B. Nou te nan menm kolektif ki se A5. Nou se malad jan mizikal ki rele RnB. Nou te toujou nan yon dinamik pataje mizik rnb n ap koute. M s on gwo fanatik gwoup tankou Dru Hill, 112, Total. Atis tankou : Carl Thomas, Bobby Brown, Tekitah elatriye.

Bidler Nelson : Poukisa ou fè estil mizik sa ?
Ab Salyann The God : Chwa prod lofi boon bap la vini de benkele pwodiktè Ep a. Misye te toujou ap fè m koute yo. M vin tèlman renmen  mòd prod sa yo, yon bon lè m rele frè a m di l m vle f on pwojè lofi boom bap ak  RnB.Epi l jis voye ban mw yon foldè ki gen anviwon 15 beats pou 5 mizik. Benkele s on piris ! Yon pasyone !

Bidler Nelson : Kilè wap sòti EP a ?
Ab Salyann The God  : Nou pap bay dat la s on pwojè sipriz. Men s on pwojè 5 wòch dife :Benkele pou beatBazoo pou miksaj ak mastè Vizyèl : Vladimir françoisMc : Ab_Salyann Tha God Fotografi : BenkeleArtwork : Djodjo Ayiti

Bidler Nelson : Kisa fanatik ou yo kab atann ak nouvo pwojè sa ? 
Ab Salyann The God : M pa gen fanatik frè. M swete moun koute mizik sa ak yon zòrèy Hip Hop.

Lyen nouvo mizik Ab Salyann The God la : 

Bidler Nelson
bidlernelson@gmail.com

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.