26 septembre 2025
Deklarasyon piblik  »Inisyativ Patriyòt Maryen » sou atak kont Pierre Espérance
Actualités Kreyòl Société

Deklarasyon piblik  »Inisyativ Patriyòt Maryen » sou atak kont Pierre Espérance

Limonad, lendi 11 avril 2022 ((rezonodwes.com))–

DEKLARASYON PIBLIK

Eske Pèp Ayisyen an deside tout bon vre lage peyi an bay delenkan ak bandi legal?
IPAM ap viv ak Kè plen awogans kriminèl machann dezagreman nan sosyete a, sou pwoteksyon koalisyon pouvwa apeze an ak sendika malfektè diplomatik Kò Gwoup la.

Se vre, chen pa janm twò vye pou l anraje.

Yon nèg ki masakre, pikedife, vyole, sazinen, kidnape, ratibwaze tout yon popilasyon, olye li pran lyann pou al mawon, se nèg sa k ap mache gade moun nan je, fè gwo do, atake moun serye.

Adje, lawouze taye banda tout tan solèy pankò leve. Pèp ayisyen nou nan batay, yo kòmase ak Pierre Espérance pou yo demantibile tout sèktè dwa moun nan pou yo depafini ak nou pi rapid.

Zepina pare pou vye manman, vye manman pare pou zepina. IPAM pou yon sosyete san fòs kote!

Pou IPAM :

Hugue CELESTIN Jean Baptiste BIEN AIMÉ
Kòdonatè Nò Kòdonatè Nòdès

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.