Dimanch 27 mas 2022 ((rezonodwes.com))–
Raoul Gérard
N ap salye tout kanmarad, tout fanm ak gason k ap lite pou yon lavi miyò lan peyi nou.
Se katriyèm kwonik Ayiti Koupe Fache. Ayiti Koupe Fache se yon kwonik ki pote solidarite ak lit ouvriye, lit travayè ak lit peyizan. N ap pote solidarite ak lit tout moun k ap sibi lenjistis, esplwatasyon ak represyon.
Nap envite tout moun tande yon entèvyou Ayiti Koupe Fache fè ak Telemak, pòtpawòl SOTA-BO (Sendika Ouvriye Tekstil ak Abiman – Batay Ouvriye), sou Kondisyon Travay anndan Faktori/Izin Soutretans/Zòn Franch yo ann Ayiti.
Leplisouvan, se lè Ouvriye, Travayè yo fè manifestasyon nan lari a nou konnen yo ekziste. E lè konsa, sa nou tande nan manifestasyon Ouvriye, Travayè yo, yon fason dominan, se kesyon ajisteman/ogmantasyon salè minimòm la. Kidonk, si nou panse se sa sèlman ki pwoblèm Ouvriye, Travayè ap konfwonte, vin tande entèvyou sa a Ayiti Koupe Fache pote pou nou la a ak pòtpawòl SOTA-BO a pou nou tande koze.
Vremanvre, kondisyon travay nan faktori yo gen anpil lòt kalamite patwon yo enpoze sou Ouvriye, Travayè yo. Pa ekzanp, Ouvriye, Travayè yo ap sibi anpil imilyasyon, asèlman seksyèl, pwoblèm dlo potab ki pa ekziste, twalèt sal, pousyè kap toufe yo, revokasyon abitrè, elatriye. Patwon yo refize pran de mezi pou amelyore kondisyon travay Ouvriye yo. E, anfèt, move kondisyon travay yo se yon lòt sous plis pwofi pou patwon yo paske tout sa evite yo fè depans nesesè pou amelyorasyon kondisyon travay yo. Kidonk, patwon yo pwofite agogo omaksimòm de move kondisyon travay sou do Ouvriye, Travayè yo.
Ositou, apre gwo manifestasyon Ouvriye, Travayè yo sot òganize nan mwa Fevriye, Mas 2022 yo sou kesyon ajisteman/Ogmantasyon Salè Minimòm la pou 1,500 Goud pou pi piti a, batay Ouvriye, Travayè yo ap kontinye anndan faktori yo sou kesyon Salè Pwodiksyon/Pri pwodiksyon an men tou kont move kondisyon travay patwon yo enpoze sou yo.
Ayiti Koupe Fache fè entèvyou sa a ak pòtpawòl SOTA-BO sou kondisyon travay yo anndan faktori yo nan sousi pou pèmèt lektè, entènot, oditè nou yo toupatou nan mond la konnen ak konprann nan ki kondisyon malouk Ouvriye, Travayè ap travay anndan faktori, Izin, Soutretans/Zòn Franch yo nan peyi d Ayiti.
La a, nap ka wè klèman, pandan boujwazi a, grandon yo, politisyen yo, peyi kolon enperyalis yo ap divage, ap klewonen, fè demagoji sou demokrasi, eta de dwa, eleksyon malatchong, pa gen okenn demokrasi pou Ouvriye, Travayè yo anndan faktori, Izin yo nan peyi a. Anfèt, Ouvriye yo, Travayè yo sou kanno nan yon rejim diktati, otokrat, tiran, despotik, yon rejim represyon sovaj, opresyon ak eksplwatasyon san limit anndan faktori, izin soutretans/zòn franch yo nan peyi a.
Ayiti Koupe Fache solidarize epi envite nou suiv atantivman ak solidarize ak lit otonòm epi òganizasyon otonòm Ouvriye, Travayè yo ap mennen nan jou kap vini la yo anndan faktori, izin yo nan peyi a. Pou sa, nap mande tout moun pou kontinye kenbe fèm ak Ayiti Koupe Fache kap kenbe nou enfòme sou kesyon sa yo. Konsa, nou ka pataje lyen Youtube Ayiti Koupe Fache ak tout kontak nou.
Kawonabo