Ministè Edikasyon Nasyonal teste zouti ki pral itilize nan pwochen Evalyasyon nasyonal 6e Ane Fondamantal la

0
1738

Lendi 21 mas 2022 ((rezonodwes.com))– Jan li te anonse sa a nan atelye ki te fèt nan Papay, nan komin Ench, sòti 20 fevriye pou rive 4 mas pase a, Ministè Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl (MENFP) òganize jounen vandredi 18 mas yon operasyon pou teste tèks ak kesyonè ki pral itilize nan Evalysyon nasyonal pou 6e Ane Fondamantal la ki pwograme pou fèt pandan mwa me k ap vini la a.

Operasyon pou teste zouti evalyasyon sa yo te touche 1595 elèv ki nan 10 lekòl piblik tankou prive ki nan Delma, Petyonvil ak Kafou. Li te mobilize 10 direktè lekol sa yo ak 30 anseyan k ap travay nan 7e A.F.

Pou kisa ministè a bezwen teste zouti sa yo ?

Teste zouti evalysasyon sa yo se pa yon senp aktivite, ministè a vle ale nan nannan kesyon an lè l ap chèche verifye, tou dabò, ki bon jan koneksyon pedagojik ki genyen ant tès yo ak kesyonè yo epi kòman elèv yo konprann konsiy yo ak kesyon yo. Ansuit, li te bon pou verifye tou kòman moun ki la pou oganize evalysayon an konprann konsiy yo epi jere tan ki konsakre pou dewoulman operasyon an.

Daprè Direktè Ansèyman fondamantal la, aktivitee sa te byen dewoule nan tout 10 lekòl yo. Se yon siksè, se sa direktè Kendy Nicolas te rapòte. Li remesye Direksyon depatmantal Edikasyon Lwès la, enspektè ak pèsonèl lekòl yo ki te bay tout akonpayman yo depi operasyon an te kòmanse nan maten pou bout nan aprèmidi. Aprè yo fin trete done sa yo, teknisyen ministè a nan tèt kole avèk teknisyen IHFOSED yo ap gen pou korije zouti sa yo ki pral itilize nan Evalyasyon nasyonal 2022 a (ENA22).

Pou kisa ministè a òganize Evalyasyon nasyonal yo ?Evalyasyon nasyonal yo fèt an konfòmite avèk twazyèm nan 12 mezi yo ki rekòmande pou evalyasyon nasyonal yo dewoule yon manyè sible apati klas 4e Ane Fondamantal sou disiplin bazik yo : matematik, kominikasyon kreyòl, kominikasyon fransè.

Prensipal objektif Evalyasyon nasyonal yo se rasamble done ki, lè yo fin analize yo, kapab ede nan amelyore jan ansèyman ap fèt ak jan elèv yo ap aprann. Klas ki sible yo, 4e ak 6e Ane Fondamantal, dwe pèmèt yo wè ki lakin ki genyen lakay elèv yo ak pwoblèm ki genyen nan jan ansèyman ap fèt, anvan elèv yo pase de premye nivo nan ansèyman fondamantal la (1e, 2e, 3e, 4e A.F) a dezyèm nivo a (5e, 6e A.F.) epi a twazyem nivo a (7e, 8e, 9e A.F.).

Evalyasyon nasyonal se pa egzamen ofisyèlJan ministè a toujou fè remake sa, Evalyasyon nasyonal yo se pa egzamen ofisyèl ki fèt pou bay elèv nòt pou konnen kilès ki pase, kilès ki pa pase. Pito se yon operasyon pou chèche dyagnostike sistèm nan, nan lide pou pote koreksyon ki nesesè.

Depi lane 2015, nan kad mizannèv 12 mezi yo, MENFP a deja òganize 4 evalyasyon parèy pou 4e Ane Fondamantal. Operasyon sa yo toujou fèt gras ak soutyen epi akonpayman BID, IEA ak IHFOSED.

Biwo kominikasyon / MENFP

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.