Ensekirite : Gilbert Cicéron lanse yon rèl anmwe pou sitiyasyon wout nasyonal nimewo 8 la

0
1410

Mèkredi 16 mas 2022 ((rezonodwes.com))–

Prezidan «Fédération des jeunes pour une nouvelle Haïti», Gilbert Cicéron, fe otorite konsene yo konnen dépi plizye mwa, se kalve moun kap pral  achte kay vwazen ap monte akoz bandi anpeche aktivite fet nan asasinen sitwayen, fe kidnapin épi bloke wout nasyonal nimewo 8 la.

Mwen lanse yon sos  POU Otorite kap dirije peyi  a fasak sitiyasyon ensekirite vyolans tout kalite   kap ravaje nan peyi a, si tou  sou  wout nasyonal # 8 ki mennen Repiblik Dominikèn anpasan pa malpas  soti,  Forè des pins, Oryani, Pirèt, Boukan Chat, Bèlans, Mapou, Gran Gozye, Ansapit, Bodari, Tyòt, ak lòt zòn ankò ki bloke nan tout aktivite kòmèsyal yo koz bandi ki  ht plèn nan lajan kontan pandan otorite yo fayi ak misyon yo. 

Sou plan ekonomi moun Gantye Fonvèrèt tonbe plat atè  ,  e pa konn ki sen pou yo rele ak lajan bank ki nan men yo , lajan eskont , pitit yo pa ka kontinye ale kòl , pwofesè yo tou pa jwenn pasaj pou yo kontinye al fè kou nan lekòl yo, pòt Lycée Ganthier rete fèmen , lycée Fonvèrèt la gen ratman pwofesè toujou koz ensekirite a. pandan edikasyon se motè devlopman tout yon sosyete.

Anpil machann ak dlo nan zye, akoz gen anpil pwodwi ki  gate deja paske bandi 400 Mawozo yo toujou sou  wout la nan nivo Micho sou Kwadèboukè.                  

Kriz ensekirite ki blayi nan tout kwen nan peyi a rann anpil moun rive malad swa nan lespri yo ou fisikman, menm gen moun ki rive ak gwo maladi  tankou kè sote, strès tansyon .

San nou pabliye ke sante a ki parespekte nan peyi a koz lopital yo deja paka bay sèvis ak pasyan yo , sa vin pi grav si yon malad Fonvèrèt li blije mouri paske li paka antre kwadèboukè poul vin pran swen paske sant sante Fonvèrèt , oriani yo ak lòt kote pa menm ka rive panse yon moun ki blese ale wè yon yon akouchman ak yon operasyon .

Sante se richès , sante avan tou, sante tout moun dwe jwenn bon jan lasweyaj sa garanti pa konstitisyon an , leta dwe aji vit pou rann peyi a vivab , e diminye sou krim tout kalite kap fèt sou pèp Gantye Fonvèrèt la men patikilyèman tout popilasyon an .

Gouvèman an plas  kap jwi tout privllèj yo  pran responsabilite yo pou pita pa pi tris poun  pa genyen yon lot zòn  ankò tankou twasyèm sikonstriksyon pòtoprens nan peyi a.Viv lapè, viv sekirite, lanmou pou tout moun Fonvèrèt Gantye.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.