Ensekirite : Etzer Emile mande  »Yon gwo leve kanpe » nan peyi a

0
2476

Dimanch 13 mas 2022 ((rezonodwes.com))– Tankou majorite nan popilasyon peyi a, ekonomis Etzer Emile montre li fatige ak sitiyasyon ensekirite a ki anpeche moun regle aktivite yo lib e libè.

Men, kontrèman ak anpil jenn nan klas mwayèn nan k ap sibi san pale, dirijan Haiti Efficace la pa ret bouch fèmen.

Li frape pye atè byen fò e mande pou tout moun ta fè yon gwo leve kanpe pou bagay yo chavire tout bon vre nan bon sans lan.

Etzer Emile montre li pa jepeteklere e li konprann politik ekip an plas la ak zafè ensekirite a. Dapre jenn ekonomis la,  »Si eleksyon fèt, ekip ki sou pouvwa a pap la ankò ». Sa klè nan tèt Emile, dodomeya otorite yo pa yon bagay senp.  »Si gen sekirite, anpil sektè pral met presyon pou eleksyon fèt », selon ekonomis la.

Konsekans sitiyasyon sa anmè kon fyèl. Jan Etzer Emile eksplike a,  »Plis ensekirite, plis pa gen kondisyon pou eleksyon, plis moun pè, plis moun pati, plis ekip sa alèz pou kontinye ».

Se politik kap fètm dapre li. E se pou sa li di sou Twitter ke se  »Sèl yon gwo leve kanpe poun fè ».

Jwèt pou pèp la!

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.