25 septembre 2025
Ariel Henry anonse Karikòm ap vi n pote bourad nan pwojè eleksyon li an
Actualités Kreyòl Société

Ariel Henry anonse Karikòm ap vi n pote bourad nan pwojè eleksyon li an

Ariel Henry pral resevwa kamyon diri nan men la Guyane. Anpil sak diri pral tonbe nan men kandida kap seleksyone pou ti jwèt pike kole ant zanmi PHTK-SDP-MTV-Fusion-Pitit Dessalines ak Inite. Fòk tèt yon mounn pa ta drèt pou takwè ke yon ekip ki fè 20 sou 100 ak 3 sou 10 ka vinn regle yon bagay serye pou peyi-a

Vandredi 4 mas 2022 ((rezonodwes.com))– Anpil mwa pase sou Ariel Henry kòm premye minis defakto Ayiti. Malgre anpil bagay repete, anpil bagay fèt, Apredye tou nèf la kenbe yon sèl objektif nan zo bwa tèt li. Se akonpli testaman Jovenel Moïse te kite pou li. Sa vle di chanje konstitisyon 1987 la epi fè eleksyon pike kole jan l pase l pase.

Apre li tounen ann Ayiti sot nan reyinyon chèf gouvènman peyi Karayib yo, doktè Henry fè yon kokonn chenn deklarasyon sou kont Twitter li.

Li anonse ke nan yon tan kik pa twò lwen, gen yon misyon eksploratwa Karikòm, ke li di ki zanmi li, k ap antre nan peyi a.

 »Y ap vin gade kòman yo ka ede nou mete anplas estrikti ak kondisyon pou n reyalize pwochenn eleksyon yo san patipri, ak transparans », Ariel Henry ekri sou Twitter.

Pandanstan sa, menm alye li yo nan Akò 11 septanm nan pete lòbèy pou zafè Konsèy Elektoral inilateral li vle met sou pye a. Pati ak òganizasyon ki sipòte PM nan menm di li rale bak sou zafè nonmen moun nan Kou Kasasyon an san pa gen gwo tonton konsansis sou sa.

Sa k ap pase menm nan tèt chèf la? Kòman eleksyon ka fèt pandan moun pa ka menm al travay, al achte nan mache san w pa mache ak sèkèy ou anba bra w?

Sanble se sèl Ariel Henry ki gen sekirite? Sanble li bliye Pon Wouj ak Gonayiv? Sanble li panse pakèt polisye ak machin ki akonpaye li tout kote yo ka anpeche li pase tankou Mèt Monferrier Dorval, Netty Duclaire ak Jovenel Moise…

Bon! E si Ti-Lapli ta deside kidnape Ariel tankou li te fè sa pou majò jon Radyo Karayib la?

Pito n pa pale! Paske ta va gen rèl kay Makorèl!

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.