Jedi 24 fevriye 2022 ((rezonodwes.com))–
« Edike jenès peyi a sou kesyon ekonomik yo », se te prensipal objektif rankont sa a ki te reyini minis Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl la e gouvènè Bank Repiblik d Ayiti a. Pou sa rive fèt, Nesmy Manigat e Jean Baden Dubois te chanje lide sou yon pakèt eleman ki ta dwe konsolide travay sa a ki kòmanse fèt toupiti piti nan lekòl anndan peyi a avèk aplikasyon pwogram nouvo segondè a.
Pou demare rankont sa a, gouvènè Bank sentral la te pale sou nesesite pou peyi a genyen plis moun ki pi byen fòme sou anje ekonomik yo e ki prepare pou bay tèt yo travay oubyen travay ak lòt moun pou fè ekonomi peyi a grandi. Kidonk, se yon relasyon ki sere anpil ant kapital imen ak kapital finansye.Men pou prepare sitwayen yo pou sa, li nesesè pou lekòl yo komanse fòme elèv yo sou tematik ekonomik yo depi yo tou piti, sa vle depi yo antre nan preskolè. Se poutèt sa, Jean Baden Dubois estime li enpòtan anpil pou Bank santral kontinye travay ansanm avèk ministè Edikasyon nasyonal pou pote tout inisyativ ki ale nan sans sa a.
Edikasyon ekonomik jèn yo ap pèmèt yo komanse konprann byen bonè nan lavi yo kòman ekonomi peyi a fonksyonse, ki opòtinite sa bay e kòman yo kapab pozisyone yo pou benefisye avantaj, ede lòt moun benefisye avantaj sa yo, pandan y ap travay pou fè ekonomi an pran lòt echèl, daprè Minis Nesmy Manigat. Nimewo en Edikasyon nasyonal la gen konviksyon, konpreyasyon anje sa yo nan nivo nasyonal kapab louvri lòt fenèt opòtinite nan rejyon karayib la, e poukipa nan nivo tout vilaj global la.
Edikasyon ekonomik ak finansye genyen ladann yon dimansyon sivik. Elèv yo bezwen konprann sa sa vle di politik monetè, politik fiskal ; yo bezwen konprann ki sa yon bidjè ye, ki wòl Bank santral, ki wòl bank yo nan ekonomi peyi a, ki kalite sèvis bank yo bay ; yo bezwen konprann prensipal filyè ekonomik ki genyen nan peyi, kisa yo reprezante nan kreye richès, nan fè lajan sikile, san nou pa bliye developman ekonomi nimerik la.
Yon lòt gwo pwen ki te debat nan rankont sa a te gen pou wè ak pwogram pou prete etidyan ki nan lekòl teknik ak pwofesyonèl lajan pou yo kapab reyisi fòmasyon yo. Lajan y ap gen pou yo ranbouse selon règleman Bank Santral ak INFP ak genyen pou yo defini ansanm.
Men minis Manigat panse, sou kesyon sa a, gen efò ki pou fèt pou amelyore nan ki kondisyon jèn yo ap etidye nan majorite lekòl pwofesyonèl yo ki pa gen matyè premyè e ki ap fè fas ak anpil lòt difikilte tankou lokal ki pa apwopriye, atelye ki manke ekipman. Rezoud pwoblèm sa yo, menm si se pazapa, egzije developman bon jan patenarya ki kapab inove nan cheche lajan pou sa.
Soutni, ankadre lekòl pwofesyonèl yo, se bay jèn yo plis opòtinite pou yo gen yon metye ki kapab ede yo travay oubyen bay tèt yo travay pi vit, isit tankou nan lòt peyi, paske eksperyans montre li pi fasil pou yon jèn demare karyè pwofesyonèl li avèk yon metye teknik.Rankont sa a te bout avèk yon prezantasyon Joseph Job Maurice, Kòdonatè pòl Ansèyman ak Kalite te fè nan objektif pou ede dirijan Bank sentral yo konprann pi byen achitekti Nouvo Segondè a ki genyen 4 filyè. Youn ladan yo se filyè Syans ekonomik ak sosyal (SES) ki bezwen anseyan ki metrize nosyon ekonomik yo, konprann anje ekonomik yo, e ki prepare pou ede elev yo nan aprantisaj sa a.
De pati yo mete yo dakò pou kreye yon komite k ap gen pou travay sou tout kesyon sa yo.Nan kòmansman ane akademik 2022-2023 a, patenarya sa a ta dwe kòmanse manifeste l tout bon vre a travè kèk inisyativ anndan lekòl yo.
Jacques Abraham, direktè kabinè minis Manigat ; Jean Ronald Joseph, direktè jeneral FNE ; Hervé Boursiquot, direktè jeneral ONAPE ; Dikel Delvariste, direktè jeneral INFP ; Paul Henry Joseph, direktè administratif MENFP ak plizyè lòt direktè teknik te patisipe nan rankont sa a.Pandan rankont sa a, gouvènè Jean Baden Dubois te genyen ak li plizyè gwo kad Bank santral.
Biwo kominikasyon / MENFP