27 octobre 2026
Pozisyon tèt ansanm CNOA ak Konbit sou zak represyon pouvwa a ak boujwazi a voye Lapolis al fè sou ouvriye yo
Actualités Société

Pozisyon tèt ansanm CNOA ak Konbit sou zak represyon pouvwa a ak boujwazi a voye Lapolis al fè sou ouvriye yo

Centrale Nationale des Ouvriers Haitiens ak Konbit Oganizasyon Politik, Sendikal ak Popilè

Pozisyon tèt ansanm sou zak represyon pouvwa a ak boujwazi a voye Lapolis al fè sou ouvriye yo

Travay wi ! Esklavaj ak represyon non !

Centrale Nationale des Ouvriers Haitiens (CNOHA) ak Konbit Oganizasyon Politik Sendikal ak Popilè, revòlte douvan zak represyon pouvwa PHTK ak alye li yo ( SDP, FUSION, INITE, KADOA…) ap fè sou ouvriye yo k ap mande 1500 goud kòm salè minimòm ak bonjan kondisyon travay. Depi mobilizasyon ouvriye yo kòmanse, pouvwa PHTK ak alye li yo ki te nan opozisyon an pa janm bouke voye gaz ak bal sou mobilizasyon ouvriye yo. Nan okazyon mobilizasyon 23 fevriye a, pouvwa PHTK ak alye li yo pase yon vitès siperyè nan represyon an. Lapolis nasyonal bonbade ouvriye yo ak gaz epi tire sou yo ak bal reyèl kote yo rive sasinen gran jounen yon jounalis epi blese plizyè lòt jounalis ak ouvriye. Nan moman operasyon kriminèl sa a Lapolis nasyonal touye anba bal jounalis Maxilien Lazarre san konte latriye jounalis ak manifestan polisye yo krible anba bal.

CNOHA ak KONBIT pwofite okazyon sa a pou voye senpati yo bay fanmi jounalis Maxilien Lazarre ki mouri anba bal asasen nan Lapolis la epi bay kòporasyon jounalis yo ak tout jounalis kou manifestan ki viktim nan okazyon jounen terib sa a. Nou mande pou lajistis mete kòd prese prese nan kou asasen nan lapolis la ki komèt zak sa yo.

CNOHA kòm Santral ouvriye ak travayè ak KONBIT, mande tout fòs viv peyi a potekole nan mouvman mobilizasyon ouvriye yo kap ekzije bon kondisyon travay ak yon salè minimòm 1500 goud. Dwe gen ogmantasyon salè ak bon kondisyon travay pou tout travayè nan Leta kou nan prive. Sitou sila yo k ap touche yon salè tibèkiloz. Se pou sa nou mande pou tout travayè piblik kou prive nan kat kwen peyi a leve kanpe pou egzije bonjan kondisyon travay. Li lè li tan pou Leta ak patwon Leta boujwa a sispann trete travayè yo pimal pase jan yo trete bèt. Li lè li tan pou Leta ak patwon yo sispann trete ouvriye nan faktori yo menm jan kolon yo trete esklav. Nou mande pou òganizasyon dwa moun yo pran responsablite yo pou akonpaye manifestan yo epi denonse zak represyon k ap fèt yo. Modòd la pa lòt, potekole nan mobilizasyon jeneral kont salè tibèkiloz la, kont lavichè, kont kidnaping elatriye. Pou rive tabli bonjan kondisyon travay, rache salè minimòm 1500 goud epi fini ak ensekirite/kidnaping sou tout fòm, mobilizasyon an dwe kontinye rapouswiv ak plis fòs, plis patisipasyon ak solidarite konkrèt tout aktè nan nan tout Sektè.  Viv satisfaksyon revandikasyon ouvriye ak travayè yo, viv bonjan kondisyon travay. Aba kidnapping. 

Pou òganizasyon :

CNOHA / Dominique ST ELOI  

KONBIT / Josué MERILIEN

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. Découvrez comment les données de vos commentaires sont traitées.