Deklarasyon plizyè òganizasyon nan sosyete a ki siyen akò Montana sou mobilizasyon ouvriye yo ak sou sitiyasyon ensekirite ak enpinite ki blayi nan peyi a

0
1514

Deklarasyon plizyè òganizasyon nan sosyete a ki siyen akò Montana sou mobilizasyon ouvriye yo ak sou sitiyasyon ensekirite ak enpinite ki blayi nan peyi a

Ouvriye pa esklav, yo dwe travay nan bon kondisyon

Noumenm òganizasyon sila yo k ap batay pou tabli yon tranzisyon koupe fache ki siyen nòt sa a, nou kore ak tout fòs nou tout mobilizasyon ouvriye yo ap fè andedan izin yo ak nan lari a pou mande yon salè minimòm 1500 goud ak bonjan kondisyon travay. Nou pwofite okazyon sa a pou nou denonse zak represyon pouvwa twazyèm vèsyon PHTK a kontinye ap fè sou ouvriye ak ouvriyèz yo. Nou konstate, menm moun ki te konn mobilize bò kote ouvriye yo nan lane ki pase yo, ap sipòte yon pouvwa k ap fè represyon sou ouvriye yo. Nou mande òganizasyon Dwa Moun yo pou yo founi je gade epi denonse represyon pouvwa tyoul patwon yo ap fè sou ouvriye yo

Negosyasyon ak konsansis pa dwe sèvi dra pou kouvri enpinite ni  bay enpinite kat blanch

Noumenm, òganizasyon ki nan demach 30 dawout la ki siyen nòt sa a, n ap suiv ak anpil vijilans pwosesis negosyasyon yo. Nou konstate konpòtman ki san respè pou moun, pouvwa anplas la ak moun k ap chache pen ak kafe yo ap deplòtonnen anfas aktè ki nan demach akò 30 dawout la. Soti nan reta politik planifye yo pou rive nan konpòtman agresif sèten nan aktè ki nan akò 11 septanm nan devlope apre rankont avòte a, pouvwa anplas la ak alye yo montre aklè yo pa nan koze negosyasyon reyèlman pou jwenn yon konsanssis pou rezoud kriz la. Menm jan Jovenel te konn fè l, yo plis sou fè cho medyatik pou bay enpresyon yo vle negosye. Noumenm òganizasyon ki siyen nòt sa a, nou kontinye kwè, negosyasyon yo dwe kontinye nan bonjan kondisyon, men, negosyasyon ak rechèch konsansis pa dwe sèvi dra pou kouvri enpinite ni bay enpinite kat blanch. Doktè Ariel Henri kòm PM defakto ki gen gwo akizasyon sou tèt li, pa kapab fè pati solisyon pou rezoud kriz la. Nou dwe moralize vi piblik la, sitou vi politik la nan peyi a. Okenn kriminèl osnon prezime kriminèl ak moun konwonpi pa dwe gen plas yo nan tranzisyon n ap chache mete chita a.

Pou tout rezon sa yo, nou mande :

1)      Pou tout òganizasyon ki bò kote mas yo pou yo pote kole nan mobilizasyon ouvriye yo

2)      Pou pouvwa defakto a sispann represyon l ap fè sou ouvriye yo ak kelkedwa moun k ap defann dwa yo nan peyi a

3)      Pou tout moun pote kole nan yon kokenn chenn sitin sosyete sivil la lanse pou vandredi sa a 9vè 30 sou plas konstitisyon an sou channmas. Nan sitin sa a, nou pral kontinye kore revandikasyon ouvriye yo epi denonse enpinite, grangou, ensekirite ak kidnapin k ap taye banda nan peyi a.

Oganizasyon ki siyen yo se 

–          Konbit Oganizasyon Politik Sendikal ak Popilè yo / Josué MERILIEN

–          Mouvman Libète, Egalite ak Fratènite pou tout Ayisyen / MOLEGHAF / David OXYGENE  

–          Latibonit Kanpe pou Ayiti /  LAKAY / Rigaud VELUMAT  

–          Mouvement des Travailleurs et des Citoyens /MTC / Antoine AUGUSTIN

–          Pati RASIN KAN PEP LA / Camille Charlmers

–          Fanm Vanyan / Francia FELIX

–          Altènativ Sitwayèn Pou Yon Lòt Ayiti (ASLA) / Alize Chantale

–          Fòs Rezistans Delma (FORED) / Marc-André ANDRĖ

–          Platfòm Ayiti Vèt (PAV) / Saico SEVĖRE

–          Organisation Socio Politique Ann Met Fòs / Ivenson SAMEDY

–          GR-FPSPA / Pierre Michel CHERY

–          Union Nationale des Normaliens d’Haïti (UNNOH) / Patrick HYPPOLITE

–          OPPD / Mackenson Gauda

–          CEPIH / Dupre Woodjery

–          RAISON / Francilien FRANÇOIS

–          FENAOP / Pardy SIMEON

–          V.J.A.I / Junior CHERY

–          POJEM / Eddy CETOUTE

–          Grand’Anse Avant Tout / Bien-Aime Antimé

–          IREDH / Sonilus Joseph Jean

–          COMIPOL / Ernso Ertilus

–          MP3 / Emmanuel Pierre

–          MOC / Dieuveille Rosemond

–          Parti MODRA / Marteny Saint-Jean

–          FENATRAS / Levy Milot FELIX

–          CTH / FEHATRAP / Marie Louise Lebrun LUIMARRE

–          ACCEDH / Labonte Charles JEAN

–          Platfòm 4 G / Rosnel JEAN-BAPTISTE

–          ALOVIDAWOMEH / Jean Ronald COACHY

–          MOD / Etienne Esperandieu

–          Force Democratique Integré / Dr Eddy Delaleu

–          KVENER / Jean Samy

–          Mouvman Esklav Revòlte / Medina Josué

–          MITPA / Daut Pheret

–          PLANARE / Richard Exumé

–          COSHARCO / Moise Thomas

–          UPDC / Francenet Dénius

–          SPPH / Woosten Lafleur

–          Nou Se Fanmi / Michelet Mercidieu

–          INISYATIV 109 / Francois Raynald

–          PLA / Lamour Stevenson

–          ACJ / Valet Simeon

Pou otantifikasyon

Josue Merilien / 36670798

Alize Chantale / 31991446

Saico Sevère / 37509865

Antoine Augustin / 38305486

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.