Ouvriye faktori yo reprann lari mèkredi maten an | Lapolis retounen fè represyon sou manifestan yo

0
2274

Mèkredi 16 fevriye 2022 ((rezonodwes.com))– Yon lòt fwa ankò, ouvriye faktori nan Pak Endistriyèl wout ayewopò a (Sonapi), repran beton an pou reklame ajisteman salè minimòm la.

Manifestan yo mande pou mete tchotcho y ap touche a nan nivo 1500 goud pa jou pou yo ka omwen viv tankou moun.

Yo rele aba 500 goud salè pwatrinè e yo di yo p ap sispann pran lari toutotan leta pa reponn revandikasyon yo a.

Foul la ki te soti Sonapi te mache sou wout ayewopò et vire pou monte sou Delma pou pran direkyon kay premye minis la nan Musseau. Men rive devan lokal ONA, lapolis ak sivil ki gen zam kraze manifestasyon an.

Gaz lakrimojèn ak bal te fè kenken, men ouvriye yo pa vle bay legen. Yo te retounen rasanble pi devan sou wout Delma pou kontinye ak revandikasyon yo. Men polisye yo tou pa fatige lage bonbòn gaz nan mitan yo pou fòse foul la gaye.

Dapre kèk manifestan, plizyè pami yo blese.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.