Dimanch 13 févriye 2022 ((rezonodwes.com))–
N ap salye tout kanmarad, tout gason, tout fanm k ap lite pou yon lavi miyò nan peyi nou. Ayiti Koupe Fache se yon Kwonik ki pote solidarite ak lit ouvriye, lit travayè ak lit peyizan, ak lit tout moun kap sibi lenjistis, esplwatasyon ak represyon.
Ayiti Koupe Fache ap prezante nou Kwonik #2, sou batay pou ogmantasyon salè minimòm lan. Depi fen ane 2021 an, divès sendika ouvriye, asosiyasyon travayè, federasyon sendikal ak entèsendikal koumanse chofe teren an pou lanse mobilizasyon sou salè minimòm la.
Kapitalis yo bezwen fè nou konprann, lè n ap touche yon salè, se yon bagay ki nòmal. Nenpòt sa n ap touche, se nou ki te dakò pran travay la. Kidonk, dapre kapitalis yo, pa gen esplwatasyon, se yon dil, yon “echanj lib” ki regle: yo ofri n travay, n aksepte travay la. Men èske se vre? Anfèt, lè n kalkile, nou menm ouvriye ak travayè, nou pa gen lechwa. Nou oblije ap vann fòs kouray nou pou defann lavi nou.
Nan kondisyon sila a, kisa ki regle salè yo? Kisa ki fè, nan yon grenn jounen, yon gwoup 40 ouvriye k ap koud rad nan faktori nan pak endistriyèl Pòtoprens gen dwa ap pwodui rad ki pral vann pou 29.000 dola US nan magazen Nouyòk, alòske 40 ouvriye sa yo, yo tout ansanm, yo pa menm touche 200 dola US pou jounen travay yo? Sa k pase rès 28.800 dola yo? Kisa ki esplike, an 1995, HH Cutler, yon faktori Ozetazini ki t ap peye ouvriye li an mwayèn $7.40 US lè, te ka fèmen pòt li, mete tout 2.500 ouvriye sa yo nan chomaj epi al relokalize ann Ayiti, kote li t ap peye ouvriye ayisyen 25ç lè pou menm travay la? Kisa ki fè salè minimòm lan 1.750 goud pa jou an Dominikani, pou menm travay sou lòt bò fwontyè a ak menm konpayi ki peye ouvriye ayisyen yo 500 goud pa jou? Èske gen yon jistis nan kesyon sa yo?
Li ta dwe byen klè pou nou, sa ki regle kesyon salè a, se pa yon kesyon jistis, se yon rapò fòs ant klas ouvriye a e klas kapitalis lan a yon moman done. Salè se yon batay. Sou bò kapitalis yo, depi yo ka peye nou menm ouvriye yon salè ki pi piti se plis pwofi yo menm y ap rantre nan pòch yo. Kidonk patwon yo toujou gen enterè bese salè ouvriye. Sou bò pa nou menm ouvriye, se lè nou òganize tèt nou kolektivman anfas patwon yo nou gen plis fòs. Se konsa sendika se yon fason ouvriye konn òganize tèt yo pou yo reklame dwa yo anfas kapitalis yo.
Se batay sa a ki esplike gwo eskonbrit pete ant ouvriye ak patwon kapitalis boujwa yo kote ouvriye fè grèv, monte sendika, gwo batay pete. E gen kote ouvriye konn menm rive kraze ekipman e menm boule faktori. Se gwo batay! Paske sou yon bò, ouvriye yo bezwen ogmante salè yo pou yo ka viv pi byen. Sou yon lòt bò, patwon kapitalis boujwa yo, politisyen yo ak kolon enperyalis yo vle kenbe salè pwatrinè a, salè ba a, salè grangou klowòks la, salè asid batri a, pou yo fè plis kòb sou do nou.
Leta sou bò pa li, pran pòz abit li. Swadizan wòl li se fè patwon ak ouvriye met tèt ansanm. Nou tout konnen se pa vre. SE MANTI! Leta pouri, kowonpi sa yo ap defann enterè patwon yo devan dèyè. Patwon ak dirijan Leta yo manje lan menm asyèt. Kidonk, nou pa ka kite Leta pouri a swadizan ap fè abit lan batay kap mennen ant klas ouvriye a ak patwon yo. Fòk nou denonse tout Leta tyoul patwon sa yo.
Ann Ayiti, gen sa ki rele Kòd Travay la ki se w lwa ki fikse wòl, dwa ak devwa Leta, Ouvriye ak Patwon. Kòd Travay la rete sou kesyon sendika, salè minimòm, ogmantasyon lavichè a elatriye…
Kòd Travay la mande pou salè minimòm la fikse yon montan presi kote patwon yo pa dwe peye mwens pase sa. Atik 137 Kòd Travay la di a chak fwa lavichè a, sètadi to enflasyon an, ogmante 10% nan yon lane, fòk gen ajisteman nan salè ouvriye, travayè yo. Patwon yo pa janm respekte aplikasyon atik 137 Kòd Travay la. E leta a pa mete sanksyon kont patwon yo pou vyolasyon lalwa a. Patwon yo jwi de enpinite total nan eksplwatasyon, opresyon, enjistis ak represyon sou ouvriye yo. Kifèla a, se nan gwo lit ouvriye, travayè yo oblije rantre pou yo rive rache yon ti souf nan kondisyon mizerab nap viv la.
Pou boujwa ayisyen yo, avantaj konparatif Ayiti se “Mendèv a Bon Mache” ki vle di salè anivo pi ba posib, salè pwatrinè a. Slogan patwon yo se: “Sendika Pa, Salè Ba, Afè Sosyal Pa m!”
Pou ouvriye yo, travayè yo, pandan se fòs travay nou kap pwodui tout richès patwon yo ap jwi a, nou tousenpleman pa kapab viv ak salè minimòm tibèkiloz la.
Selon statistik enflasyon FMI/Bank Mondyal, si pou salè minimòm lan te ajiste selon Atik 137 la, selon ogmantasyon kou lavi a, fòk li ta omwens 1.400 Gd pou li ta egal ak salè minimòm 1980 an ki te 13.20 Gd (US $2,64 an 1980).
Anplis, etid òganizasyon tankou “Solidarity Center” reyalize an 2019 montre yon fanmi papa, manman ak 2 pitit bezwen omwens 1.750 goud pa jou pou reponn a bezwen minimòm yo, ki egal a 2.500 goud pa jou an 2021.
Se nou menm ouvriye, ouvriyèz, travayè, travayèz ki pote peyi sa a sou do nou. Nou pa ka viv ak 500 goud pa jou. Se sa ki fè sendika atravè tout Ayiti ap mande pou leta a fikse salè minimòm lan a 1.500 goud pou pi piti. Lè nou konsidere se nou menm ouvriye, ouvriyèz, travayè, travayèz kap pote peyi sa a sou do nou, Nou pa ka asepte viv ak 500 goud salè mizè, salè pwatrinè sa a pa jou. Se sa ki fè sendika atravè tout Ayiti ap ekzije pou leta a fikse salè minimòm lan a 1.500 goud pou pi piti.
Pou nou konprann batay klas ouvriye a ap mennen jounen jodi a pou ogmante salè minimòm lan ann Ayiti, gen plizyè faktè nou dwe konsidere:
1- Depi ane 1970 yo, apati konfyolo leta ak boujwa lokal yo, anba dominasyon enperyalis yo, devlopman ekonomik Ayiti vin konsantre nan endistri asanblaj yo, selon sa yo te rele plan FMI a. Ni matyè premyè yo, ni pwodiksyon an, yo tout se aletranje pyès yo sòti, aletranje pwodui yo ekspòte. Kifè, faktori asanblaj yo pa rapòte ekonomi Ayiti anyen plis pase salè mizè ouvriye yo. Se yon oryantasyon ekonomik sousou, kokobe, depandan. Se yon oryantasyon ekonomik anba dominasyon enpeyalis, anba gwo konpayi etranje yo ki manje pi fò nan pwofi sa nou pwodyi yo. Se yon oryantasyon ekonomik k ap kofre devlopman peyi a.
2- Jounen jodi a endistri asanblaj yo reprezante plis pase 10% nan pwodiksyon nasyonal Ayiti epi anviwon 90% nan sa Ayiti ekspòte. Nan ane resan yo, endistri asanblaj yo konn anplwaye ant 50 mil a 80 mil ouvriye, kidonk se majorite ouvriye salarye yo.
3- Endistri asanblaj yo ann Ayiti ap fonksyone san yo pa peye leta ayisyen an okenn taks ni sou sa yo enpòte, ni sou sa yo ekspòte, ni sou pwofi yo rapatriye aletranje. Se sa k fè chak 5 an konpayi sa yo annik chanje non yo, yon fason pou renouvle avantaj yo. Anplis, zòn franch soutretans yo bay yo avantaj mèt e seyè.
4- Patwon faktori soutretans yo touche an dola nan men konpayi miltinasyonal ki gen kontra pwodiksyon avèk yo, men yo peye ouvriye yo an goud. Kifè yo gonfle pòch yo chak fwa valè goud lan bese, an patikilye nan dènye ane yo kote goud lan pèdi anpil valè. Se sa ki fè ouvriye yo konn mande pou salè pwodiksyon yo fikse selon valè dola a.
5- Faktori rad ak abiman yo ann Ayiti ap fonksyone nan kad Lwa Hope yo (Haitian Hemispheric Opportunity through Partnership Encouragement Act). Lwa HOPE yo se yon lwa gouvènman meriken te vote pou benefisye gwo konpapyi meriken yo. Lwa Hope yo bay konpayi soutretans ak kontraktè yo avantaj rediksyon taks espòtasyon pou pwodui ki retounen vann Ozetazini. Anplis, li bay diferan peyi dwa pou yon kantite fiks pwodui ki ka benefisye avantaj sa yo.
6- Lwa Hope yo bay kèk garanti pou patwon yo blije respekte dwa sendikal yo epi pou gen bon kondisyon travay, ak yon biwo medyatris ki pou jere konfli travay yo. Sepandan, yo pa toujou respekte dwa sendikal ak bonjan kondisyon travay ouvriye yo.
7- Nan kad sa ki rele Mondyalizasyon Ekonomi a, gen yon konkirans mondyal pou konpayi soutretans yo al relokalize yo nan peyi ki bay yo plis avantaj. Se konsa gen konkirans ant peyi tankou Repiblik Dominikèn, Ondiras, Gwatemala, Bangladesh, Vyetnam, Kanbòj ak Ayiti pou ofri salè ki pi ba yo ansanm ak dòt avantaj pou konpayi soutretans sa yo relokalize. Se konkirans sa a ki jwe yon gwo wòl nan fòse salè pwatrinè yo epi bloke ogmantasyon salè minimòm yo nan peyi sa yo. Se sa ki esplike salè minimòm lan nan tout peyi sa yo mwens pase mwatye sa yon ouvriye bezwen pou l viv.
8- Jounen jodiya, salè minimòm lan an Repiblik Dominikèn lan anviwon US $17 pa jou nan antrepriz ki gen plis pase 150 ouvriye, kidonk anviwon 1.750 Gd pa jou (US $368 pa mwa). Men, pwodiksyon rad ak abiman faktori asanblaj yo an Repiblik dominikèn fin depase kwota donk limit kantite faktori soutretans yo ka absòbe selon Lwa Hope lan. Se pi gwo rezon ki esplike tablisman zòn franch Kodevi Wanament lan, kote se konpayi Dominiken “Groupo M” ki janbe fwontyè a pou benefisye de kwota faktori soutretans pa Ayiti a ki poko ranpli donk ki poko rive nan bout li. Sa pèmèt “Groupo M/CODEVI” benefisye de salè mizè Ayisyen yo. Yo benefisye tou de lajan yo prete nan Bank Mondyal. Se konsa tou, pou pwofite de kwota faktori soutretans Ayiti ki poko ranpli a, konpayi Koreyen SAE-A yo te sòti kite Gwatemala pou yo t al tabli kò yo nan Karakòl. Jiskaprezan, kwota/kantite faktori soutretans Lwa HOPE la di Ayiti kapab genyen poko janm rive ranpli. Plan enperyalis yo se ranpli kwota faktori soutretans yo ann Ayiti ak salè mizè, salè pwatrinè a.
Se nan kontèks sa a, nan mitan tout sitiyasyon nou sot dekri pi wo a, batay pou ogmantasyon salè minimòm lan ap mennen ann Ayiti jounen jodiya. Se yon batay kont plan ak oryantasyon devlopman oubyen soudevlopman ekonomik peyi a anba dominasyon enperyalis lan, ki selon reklam gouvènman an: “Haiti is open for business”. Se yon batay kont diferan klan nan boujwazi ayisyen an kòm tyoul enterè enpeyalis yo. Se yon batay kont enperyalis yo, “Core Group” lan, ki gen tan ap kalkile tout pwojè esplwatasyon yo pral reyalize nan kad diferan “Akò” yo sou do nou menm ouvriye/travayè.
A chak fwa gouvènman osnon palman ayisyen an anvizaje ogmante salè minimòm lan, anbasad meriken an entèvni swa pou bloke osnon pou redyi ogmantasyon an. Se konsa, an 1991, te gen yon koudeta pou ranvèse premye gouvènman Lavalas la ki te pwopoze ajiste salè minimòm lan a 28 goud. An 1994, USAID te depanse 26 milyon dola pou bloke ogmantasyon salè minimòm lan, ki te vin ajiste a 36 goud an 1995, ki te vo apepre mwatye salè minimòm 1980 an. An 2003, salè minimòm lan te ajiste a 70 goud, ki te vo anviwon 33% salè 1980 an. An 2009, palman Ayisyen te vote salè minmòm lan a 200 goud, meriken ak boujwa endistriyèl yo te met gwo presyon sou gouvènman Preval lan pou redyi li a 125 goud, anviwon 30% salè 1980 an. Jounen jodiya, salè minimòm 500 goud lan vo anviwon 38% salè minimòm 1980 an. Chak ane, menm avèk gwo batay, se bak salè minimòm lan ap fè bak. Enpeyalis yo ak boujwa ayisyen yo mobilize pou se 2 adoken yo mete sou 500 goud lan pandan nou menm ouvriye ap ekzije 1.500 goud pou piti, avèk akonpayman sosyal tankou èd pou transpò, manje ak lojman.
Mezanmi, fòk nou byen konprann ak evalye fòs ki anfas nou yo pou nou byen mennen batay sa a. Anfas nou menm ouvriye/travayè, gen tout klas reyaksyonè yo, patwon kapitalis boujwa yo, politisyen yo ak peyi kolon enperyalis yo. Se pa w ti batay non! Se w gwo kokenn chenn batay ki devan nou. Pèp kap goumen pa janm pèdi batay. NOU KAPAB POTE LAVIKTWA!
Nan batay sa a, klas ouvriye ayisyen an ap pote flanbo entènasyonal klas ouvriye a nan Lemond Antye. Rasanbleman nou, Solidarite nou, Inite nan mitan nou menm ouvriye/travayè ap reprezante yon fòs nan gwo chèn batay ouvriye/travayè nan tout mond lan. Nou pa dwe fè bak. Nou pa dwe asepte salè esklavajis yo. Ositou, nan batay sa a nap angaje ladann lan, nou dwe fè alyans ak lit klas ouvriye yo mondyalman jouktan nou kaba sistèm enjistis sa a.
Gen 2 oryantasyon nan lit otou salè minimòm la nan mitan klas ouvriyè a. Sou yon bò, gen ouvriye, sendika, gwoup ouvriye ki dakò yo pa kapab viv ak 500 goud patwon yo krache nan men yo a. Men yo wè yo ka dakò ak yon ti grapday. Epi tout bagay fini, tout batay fini la menm. Sa pa tap nan enterè nou ni a koutèm, ni a mwayen tèm, ni a lontèm. Nap jwenn grabday la jodi a epi anvan demen rive kou lavi a ap annik vale grabday la, lapoula. Egal la a, nap toujou rete nan menm sitiyasyon an!
Nan klas ouvriyè a tou, gen w lòt oryantasyon ki wè se nan bonjan batay pou nou rantre nan lit otou salè minimòm la. Ti grabday patwon yo ofri pap mennen nou okenn kote vre. Fòk nou prepare batay la byen ak lespri, ak tèt, ak bonjan estrateji ak taktik, ak bonjan liy kòrèk òganizasyonèl ak politik. Pou nou byen mennen batay la, nou dwe konstwi bonjan solidarite ak inite nan mitan nou, konstwi bonjan òganizasyon otonòm nou yo a diferan nivo, komite izin elatriye epi vanse ak konviksyon, detèminasyon, espri responsabilite ak disiplin.
Kòz fondamantal ki fè patwon kapitalis boujwa yo kapab akapare tout richès la ke nou menm ouvriye pwodui a se paske leta osèvis yo, ak tout fòs ame represyon, vyolans, kraze zo yo, enkli gang ame asasen, kriminèl yo. Fòs represyon yo nan men yo.
Nou menm ouvriye/travayè dwe travay pou chanje rapò de fòs la anfavè nou. Sa mande Mobilizasyon total kapital. Mobilizasyon otou salè minimòm la se batay kolektif tout klas ouvriyè a, tout sektè travayè li ye. Pa gen kanpe sou kote, ap kritike, epi fè zen. Se nou tout ouvriye, travayè ki pou foure pye nou nan dlo kolektivman. Se fòs travay nou ki pwodui tout richès yo, e nap reklame pa nou ladann.
Batay klas ouvriye a pou ogmante/ajiste salè minimòm lan konsène tout ouvriye, tout travayè, tout kan pèp la. Chak fwa salè minimòm lan monte, se kondisyon lavi nou tout ki dwe amelyore! Se batay nou tout nan kan pèp la. Se lè tout kan pèp la pran responsabilite yo nan batay la, nap rive chanje rapò de fòs la anfavè nou menm konbatan vanyan kan pèp la.
Fòk nou goumen pou yon lòt kalite leta, anba kontwòl nou menm nan kan pèp la, an fas enperyalis yo ak klas reyaksyonè yo, pou yon Ayiti libere tout bon vre!
Ann koupe fache ak tout tyoul boujwa ak enperyalis yo!

