27 octobre 2026
Matris Liberasyon denonse represyon sovaj kont ouvriye-yèz k ap manifeste pasifikman
Actualités Société

Matris Liberasyon denonse represyon sovaj kont ouvriye-yèz k ap manifeste pasifikman

Samdi 12 fevriye 2022 ((rezonodwes.com))–

Matris liberasyon wete chapo li byen ba  pou salye pèp ayisyen an kap reziste anba move lavi, ensekirite ki blayi toupatou sou peyi a, espesyalman klas ouvriye-yèz yo k ap lite chak jou pou yo kontinye respire ak grabday yo lage nan men yo an.

Matris Liberasyon  tanmen yon refleksyon sou 7 fevriye 2022 a ki te make 36 lanne depi pèp ayisyen te batay pou dechouke rejim san ginè diktati bout di Divalye a. 

Matris sezi konstate, sou tout rezo sosyal yo, kouman yon seri ajan lapolis ki nan CIMO tap maspinen ouvriye-yèz yo, tankou tonton makout, ki tap reklame pasifikman dwa yo pou yo gen pi bon salè ki kapab ede yo reziste ak move lavi yap fè fas ak enflasyon kap taye banda li nan ekonomi peyi an, kote menm fanm ansent pa epanye.

Nan sans sa, Matris Liberasyon  kore ak tout fòs li revandikasyon ouvriye-yèz yo, pi gwo viktim sistèm peze souse k ap fini ak peyi a . Matris ap ede travayè yo rele ABA yon sistèm atoufè kote patwon ak leta makonnen pou souse san travayè kap trimen nan chache lavi.

Matris  liberasyon ap denonse vyolasyon lwa 2009 sou salè minimòm nan ki ekzije ajisteman salè chak ane selon nivo enflasyon an . Menm jan ak tout travayè ki nan leta ak labank, ouvriye-yèz yo viktim anba konplo klas dominant yo ak gouvènman mafya yo fè sou peyi a.

Nòt sa p ap ka fini san nou pa voye senpati nou a tout fanmi viktim sistèm malfini sa fè nan peyi a, yon fason espesyal sila yo k ap soufri aprè zak maspinay lapolis nasyonal la fè sou manifestan-t pou lavi miyò yo.

Matris Liberasyon ap mande tout pèp ayisyen rete vijilan nan batay pou chanje kondisyon lavi nou, dekwa pou nou kite yon pi bon Ayiti pou jenerasyon kap vini an.

Matris Liberasyon mande tout fòs pwogresis yo pou pote sipò bay travayè yo kap reklame 1500 goud Kòm salè minimòm.

VIV YON AYITI GRANMOUN TÈT LI !!!!!!

Pou otantifikasyon :
Biwo Seretarya santral Matris Liberasyon
matrisliberasyon033@gmail.com

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. Découvrez comment les données de vos commentaires sont traitées.