Konbit Oganizasyon Politik, Sendikal ak Popilè yo mande BSA Montana kanpe sou tout negosyasyon ak  »prezime asasen Ariel Henry »

0
2837

Potoprens, jedi 10 fevriye 2021

Kisa : Lèt pou Biwo Suivi Akò 30 dawout la (BSA)

Poukisa : Pou mande kanpe sou tout negosyasyon ak prezime
asasen Ariel Henry

Distenge manm BSA yo,

Direktwa Regwoupman Sosyopolitik Konbit Oganizasyon Politik, Sendikal ak Popilè yo salye travay BSA a ap fè nan kad aplikasyon akò 30 dawout la ki pote non akò Montana. KONBIT la ekri lèt sa a pou mande BSA a kanpe sou tout negosyasyon ak prezime asasen Ariel Henry ki dapre enfòmasyon plizyè medya etranje ak lokal pibliye, ta enplike jouk nan kou nan zak sasinay ki fèt sou prezidan defakto Jovenel Moise.

Nan yon atik li soti nan dat 8 fevriye 2022 a, televizyon / jounal CNN rapòte yon band sonò Jij Gary Aurelien ki akize plizyè pwòch Mateli nan zak sasinay ki fèt sou Jovenel Moise la. Pami yo, jij la site aklè non Ariel Henry k ap jwe wòl premye minis defakto nan tèt peyi a, kòm youn nan moun ki patisipe nan konplo pou asasinen ansyen prezidan defakto Jovenel Moise.

Atik sa a vini apre divès lòt atik ki te deja soti nan New York Times ak Washinton Post ak yon rapò RNDDH ki te ale nan menm sans lan. An prensip menm timoun piti ta dwe konprann okenn gwoup moun pap fè yon koudeta osnon asansinen yon prezidan pou se pa yo ki pran pouvwa a.

Dividal endis k ap soti yo, non k ap site nan krim nan, mete pwojektè lemondantye sou PM defakto Ariel Henry ak antouraj ansyen prezidan Mateli. Menm si Jovenel te yon kriminèl konwonpi, pou valè moral ak etik akò 30 dawout la ap charye, nou pa dwe nan negosyasyon ak yon moun ki gen gwosè akizasyon sa yo sou tèt li. Sosyete a nonplis, pa kapab aksepte yon prezime asansen gen anba ponyèt li lajan taks pèp la ak tout aparèy represif Leta a.

Menm si nou dwe jwenn yon konsansis laj pou nou soti nan kriz la, sa pa otorize nou vyole prensip etik ak moral yo, ni bay enpinite kat blanch. Nou pa dwe janm bliye, akò 30 dawout la enskri tèt li nan batay kont enpinite, kòripsyon ak respè dwa moun.

Pou rezon sa yo, distenge manm BSA, KONBIT la mande nou kanpe sou tout negosyasyon ak Ariel Henry annatandan li reponn kesyon lajistis. Prezidan ak premye minis ki eli nan kad akò 30 dawout la ta dwe pran menm wout sa a si yo pa vle bay enpinite jarèt. BSA a ak komite negosyasyon an kapab negosye ak tout akò yo, men pase lwen PM defakto Ariel Henry jiskaske li reponn kesyon lajistis.

Direktwa KONBIT la remèsye BSA a, pandan n ap mande l pran demand sa a ankonsiderasyon. L ap pèmèt nou pwoteje pwòp imaj nou ak tout siyatè akò 30 dawout la ak tout valè etik ak moral akò a charye.

Pou Konbit la
Josué MERILIEN
Olriche JEAN PIERRE
Guy NUMA

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.