Ensekirite | Konferans Pastè Ayisyen yo (KOPA) mande ayisyen yo pou oganize yo pou defann tèt yo

0
2669

Nòt Pou Laprès

Vandredi 11 fevriye 2022 ((rezonodwes.com))– Konferans Pastè Ayisyen yo (KOPA) kondane zak kidnapin bandi ame fè sou pastè Rémy Lochard nan zòn lakay li nan Taba, dimanch 6 fevrye pase a padan l t’ap ale legliz.

KOPA mande liberasyon pastè a ak tout lot moun ki anba men ravisè prese prese e san kondisyon. KOPA konstate gouvenman de fakto a fè silans e rete inaktif devan degradasyon klima ensekirite a nan peyi a aloske se pa dizèn bandi kidnape moun chak jou nan peyi a.

Bandi ki jwenn pwoteksyon gwo palto nan Leta a kidnape moun nan preske tout sektè. Yonn nan sektè kipi touche, se sektè relijye a. Depi 5  denye ane sa yo, pastè, pè  ak fidèl legliz ap pote yon kwa madoule. Bandi kidnape, tiye yo san gade deye.

Sityasyon sa a revolte konsyans Konferans Pastè Ayisyen yo le l gade kouman moun kap dirije yo banalize lavi moun le yo pa pran reskonsablite yo pou mete bandi yo anba kòd pou lape ak sekirite ka tabli nan peyi a.

Bandi yo trè alèz, yo opere gran lajounen, anba je lapolis ak lajistis ak otorite nan gouvenman an ki pa ni wè ni tande kri soufrans ak dezolasyon popilasyon an ki ozabwa, ki pa gen rele, ki pa gen reponn.  

Malgre pwomès van pou konbat ensekirite, Konferans Pastè Ayisyen yo konstate moun kontinye tonbe anba bal bandi ame toupatou, sitou nan kapital la ak zòn ki viwonnen l. KOPA konstate peyi a tounen yon gwo labatwa kote san pa sispann koule, kote kòtèj kadav pa sispann defile chak jou. Peyi a envivab, peyi a tounen yon lanfè. Majorite moun ap viv nan prizon yo pa vle sòti  telman yo pè pou bandi pa kidnape yo oubyen asasinen yo.

Devan sityasyon difisil sa a, Konferans Pastè Ayisyen yo mande ayisyen yo pou oganize yo, nan respè la lwa, pou defann tèt yo. Defans se yon dwa la Bib ak la lwa lezòm rekonet. Pawòl la di, veye, prye.

Pandan n’ap veye move zangi, n’ap prye, nou dwe aji tou ak la fwa kont malfektè k’ap pote lakwa lakay nou e kont bandi abiye ki mare sosis yo ak bandi gran chimen ki pa sispann mete dlo nan je n.

Pandan l’ap renouvle solidarite avek paste Rémy Lochard, fanmi li ak manb legliz Eben-Ezer yo, Konferans Pastè Ayisyen yo mande tout kretyen an patikilye ak tout ayisyen an jeneral pou yo kontinye fè BonDye konfyans epi kontinye aji pou chanje kondisyon lavi pandan yap sonje ane 2022 a, se ane konba pou reprann dwa grandet maje peyi a, pou kase sistem vyolans kap detwi n nan epi pou n tabli yon tranzisyon kap charye revandikasyon mas yo tout bon vre.

Pòtoprens, 10 fevriye 2022

Rev. Pastè Normil Dorvila
Prezidan pou yon ti bout tan
Konsèy Ekzekitif KOPA


Rév. Pasteur Ismael Baptiste
Sekretè ekzekitif

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.