AYITI : Salè minimòm, mizè maksimòm !

0
3446

Lè enterè yo menase, mèt faktori soutretans yo tankou Apaid ak Becker te konn gen Lame Dayiti/FADH pou fè koudeta…….se pa pou dat. Nan lane  2022 sa a, yo toujou gen PNH anti-Pèp la pou kraze mobilizasyon ouvriye ak ouvriyèz ki ap rekalme yon salè 1500 Goud pou pi pit.

Vandredi 11 fevriye 2022 ((rezonodwes.com))–

Nou Kapab Al Verifye Sa !!! Sonje depi nan epòk Diktati Avi a kote Sendika Pat Gen Dwa Fonksyone Vre , Jean Claude Duvalier te fikse Salè Minimòm Tibèkiloz la a 17 goud edmi ki te egal lè sa a a 3 dola edmi / dola vèt . Lè gouvèlman Aristide la te deklare se yon gwo esplwatasyon epi poutèt sa yo deside pou moute l a 35 goud , ki te vin egal lè sa a a 5 dola meriken … tout gwo zouzoun nan asosiyasyon patron yo t al nan palè pou fè konnen : depi yo moute salè minimòm lan a 35 goud , tout faktori ap sètoblije fèmen ! Gouvèlman an pat brinding epi li  te moute salè minimòm lan a 35 goud epi pa gen okenn izin ki vin fèmen men eperyalis meriken ak FADH te vin bay KOUDETA !!!

Nan lane 2002 , ak politik neyo liberal ki t ap aplike a epi ki t ap kontinye kraze pwodiksyon nasyonal agrikòl la epi ki te gen kòm konsekans fè goud la pèdi valè rapid , vin gen nesesite pou Reajiste / Double Salè minimòm lan ankò , sòti nan 35 goud pou mete l a 70 goud . Poutèt sa , Gouvèlman Aristide la pran yon minimòm responsabilite epi li pran desizyon DOUBLE Salè minimòm lan yon dezyèm fwa . An reyaksyon Apaid ki te pi gwo operatè nan domèn sou tretans lan nan epòk la met ansanm ak kèk lòt alye tankou Backer epi yo tanmen , ak lòt asosye / pisans enperyalis , yon gwo kanpay destabilizasyon ak kòm objektif deklare : rive nan yon swadizan  » Nouvo Kontra Sosyal  » etan yo Manipile anpil moun nan sosyete sivil la yo te federe nan yon Gwoup 184 !!!

Rès Istwa a  nou konnen l ak Asayan Guy Philippe yo , retire Aristide sou Pouvwa a epi Fè Yon Lòt Entèvansyon Militè Etranje nan Lane 2004 Pou Kraze 200 Lane Dwa Granmoun Nou Kòm Pèp Sou Tè D Ayiti epi Pran Kontwòl Politik Ayiti ak CORE GROUP la !

LISTWA Se Yon Pwofesè Nou Dwe Respekte , Li Ka Pèmèt Nou KONPRANN Anpil Bagay !!!

Batay Ouvriye ak Ouvriyèz Yo Ap Mennen Pou Yo Egzije Pou Patwon Yo Peye Yo Yon Salè Ki Ka Pèmèt Yo Menm ak Fanmi Yo Kapab Manje : Se Pa Yon Batay Ki Piti ! Travayè ak Travayèz Sa Yo Toujou Gen Anfas Yo Menm Piyajè Yo Ki Pa Bezwen Pou Demokrasi Tabli Tout Bon Vre Nan Yon Ayiti Ki Granmoun Tèt Li !

Stephen William PHELPS , Pòtoprens 10 fevriye 2022

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.