23 février 2026
« Se pa nan tè nap jwe! », se deklarasyon Premye minis chwazi nan kad Akò Montana a, Steven Benoit, apre pil zak maspinay la polis fè sou ouvriye faktori yo kap touche mwens ke $5/jou
Actualités Corruption Insécurité|Kidnapping Justice Société

« Se pa nan tè nap jwe! », se deklarasyon Premye minis chwazi nan kad Akò Montana a, Steven Benoit, apre pil zak maspinay la polis fè sou ouvriye faktori yo kap touche mwens ke $5/jou

Dan pouri gen fòs sou bannann mi. Eske polisye sa yo kap simen gaz lakrimojèn pou fè Elbe ak Ariel plezi ka al fè tout frekansite sa yo Matisan ?

Ariel Henry et 6 autres personnes, enfermés dans une chambre d’hôtel, au service de l’OEA et de l’ONU, ont choisi Gérard Latortue comme Premier ministre en mars 2004, tandis qu’il y avait un président provisoire et un parlement en place.

Pozisyon Premye minis chwazi a nan kad Akò Montana

Steven Benoit : »Se pa nan tè nap jwe! »

Se avèk anpil tristès map swiv kijan ouvriye SONAPI yo ap sibi represyon pandan yap revandike dwa yo pou yon lavi miyò.

Nou konnen polisye ki anfas yo anfas menm lavichè a. Nou konnen polisye sa yo espere jwenn meyè kondisyon travay tou gras ak sendika pa yo. Nap mande polisye yo kenbe san fwa yo pandan nap mande ouvriye pa kite pwovokatè vin gate manifestasyon yo.

An 2009 m te lite pou Konsèy Siperyè Salè a (KSS) mete sou pye epi vin yon obsèvatwa lavichè. Si KSS la tap fonksyone jan lalwa mande la, ouvriye yo patap oblije al goumen pou salè yo, pou lavi yo.

Otorite anplas yo dwe reyini KSS la touswit epi panche sou demand ouvriye yo. Leta dwe ap defann dwa pèp ls, se pou Leta sa nap goumen.

Leta dwe ap defann dwa pèp la. Sé pou Leta sa nap goumen. Se pa nan tè nap jwe!

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.